Si w'ap itilize telefòn Digicel ou, w'ap ka verifye plan yo lè w' klike la.
Etap 1. Klike sou “Konekte”.
Etap 2. Nimewo telefòn ou a ap parèt nan espas ki la pou sa a. Klike sou “Continuer”.
Etap 3. W'ap tou konekte sou MyDigicel. Chwazi “Plan yo ”.
Etap 4. Chwazi « Plan Disponib ». La, w'ap ka jwenn yon lis plan ki disponib pou ou!
Chwazi plan ou vle a le w' klike sou «Aktive Plan».
Pa bliye kantite megabayt ou bezwen an depann de fason ou itilize entènèt. Gen aplikasyon ki itilize plis megabayt ke lòt.
Etap 5. Plan ou a aktive avek siksè. W'ap resevwa yon mesaj ki konfime w' ke plan aktive e disponib pou w' itilize sou tekefòn ou.
Etap 6. Etèn epi relimen telefòn ou.
Asire w' ke sèvis entènèt la dezaktive sou telefòn ou jiskaske ou jwenn mesaj konfimasyon ki di plan an aktive. Pa bliye toujou verifye kantite megabayt ou rete sou aplikasyon an.
Remak: Imaj sa yo se dènye vèsyon aplikasyon an. Yo la pou gide w' _ senbòl/lajan yo ka diferan selon kote w' ye.