Pou ede w' redwi itilizasyon megabay sou aparèy ou a, men kèk enfòmasyon w'ap bezwen konnen
Si entènèt ou louvri, yo kapab faktire w' pou aplikasyon k'ap fonsyone an aryè plan yo. Aplikasyon sa yo itilize entènèt tout tan, menm si telefòn ou a nan pòch ou, oubyen menm lè ou ap domi! Kèk aplikasyon tankou MyDigicel, pap itilize megabay ou yo pou fonksyon sa. Men pifò nan aplikasyon ou yo pa gratis. W'ap kapab konnen ki aplikasyon ki itilize megabay ou yo, lè ou al verifye kantite ou itilize a nan paramèt telefòn ou an.
Yo pap faktire w' sanzatann pou aplikasyon k'ap fonksyone an aryè plan yo lè entènèt ou fèmen.
- Men ki jan ou ka fè li :
Pou Adroid :
Etap 1. Ale nan “Settings”.
Etap 2. Chwazi "'Data usage'".
Etap 3. Dezaktive "Mobile data".
Koulye a, ou fèmen done mobil ou, ou pral konsève chaj ak megabay (MB) ou yo. Toufwa, lè w' reyaktive entènèt ou, menm kote a, aplikasyon ou yo ap reprann aktive aryè plan yo.
Men kèk etap pou w' limite itilizasyon entènèt :
Ou kapab konfigire sistèm Android la pou w’ mete limit nan jan aplikasyon kap mache an aryè plan yo ap itilize megabay ou. Genyen twa (3) fason sa posib :
- Ale nan Paramètres > Utilisation des données> Définir limite de données mobiles.
- Ou kapab tou limite megabay an aryè plan pou aplikasyon endividyèl nan Paramètres> Applications (tou depan de vèsyon an andwoyid ou genyen an).
-
Ou kapab change paramèt senkronizasyon pou sèvis Google yo nan Paramètres>Comptes> Google> chwazi kont lan, retire tout sèvis ou pa vle senkronizasyon otomatik fèt pou yo yo.
Pou iOS
Etap 1. Ale nan “Settings”
Etap 2. Chwazi "'Mobile/Cellular'"
Etap 3. Etenn "Mobile/Cellular Data"
Men kèk etap pou w' limite itilizasyon megabay an aryè plan yo :
Ou kapab konfigire sistèm Apple la pou w’ mete limit nan jan aplikasyon kap mache an aryè plan yo ap itilize megabay ou nan Paramètres> Général> Actualiser l'application d'arrière-plan.
Ou kapab limite megabay kap itilize nan aryè plan yo pou aplikasyon endividyèl yo nan Paramètres> Mobile > Données Cellulaires.