Ak Digicel, li fasil e pratik pou w' mete kat sou telefòn ou, ak pa fanmi w', zanmi w'.
Klike sou metòd rechaj ou pi renmen an.
Mon Cash | Aplikasyon MyDigicel | Rechaj Pap Padap | Kat rechaj |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
Mon Cash
Si ou poko gen yon kont Mon Cash, fè *202#send epi swiv endikasyon yo. Aprè sa, ale kay yon Ajan otorize Mon Cash pou w' fè yon depo. Apre fè *202#send pou'w kapab mete kat sou telefòn ou. Jan w' kapab wè nan imaj la, w'ap jis peze "2" pou w' ka rechaje kont ou.
Yon rechaj ki pou pi piti 10 HTG bay 3 fwa plis bonis ( 3X ), kote w'ap kapab rele ak voye SMS Digi-Digi. Fè *120*8# send pou w' kapab verifye balans ou.
Si ou ta bezwen plis enfòmasyon sou sèvis Mon Cash la, n'ap envite w' rele gratis nan 202.
Aplikasyon MyDigicel
Ou ka mete kat sou telefòn ou kèlkeswa kote w' ye a, nenpòt kilè gras ak MyDigicel App.
Aplikasyon MyDigicel la pèmèt ou rechaje kont ou sou entènèt ak kat kredi w'.
klike la pou ka jwenn plis enfòmasyon.
Telechaje aplikasyon MyDigicel la jodia !
![]() |
![]() |
Rechaj Pap Padap
Pap Padap pèmèt ou mete kat sou telefòn ou, oswa sou telefòn yon lòt kliyan Digicel gras ak èd yon ajan Pap Padap. W'ap sèlman gen pou w' mande yon ajan Pap Padap vann ou minit pou yon kantite lajan. Ajan Pap Padap la ap mande w' nimewo ou bezwen mete minit la epi l'ap enfòme w' ap gen yon taks (TCA – Taxe sur le Chiffre d’Affaires) ki ap sòti sou kòb rechaj la. Kidonk, kantite kat ke w'ap resewa a ap mwens ke kantite lajan w' te bay la.
Digicel Online Top Up
Digicel Online Top Up se fason ki pi rapid ak pi Pratik pou w' mete kat sou telefòn ou lè ou lòtbò dlo. Ak sevis rechaj an liy nou an, w'ap kapab mete kat tou byen rapid sou telefòn fanmi'w ak zanmi'w.
Klike la pou w' kapab rechaje kounya.
Posibilite nou ofri lè ou rechaje sou aplikasyon MyDigicel la ak sit entènèt nou an:
- Mete kat sou nimewo fanmi w' ak zanmi w' kèlkeswa kote w' ye nan mond lan.
- Mete kat sou telefòn ou.
- Itilizasyon sekirize kat kredi w'.
- Verifikasyon tranzaksyon ou yo.
- Anrejistreman fasil e senp.
- Pataje eksperyans ou yo sou rezo sosyo yo.
- Anpil pwomosyon !
Ou ka sèvi ak Digicel ID w' sou sit nou an pou w' ka mete kat sou telefòn ou. Klike la pou w' aprann kijan pou w' kreye Digicel ID w'.
Kat de rechaj
Ale nan nenpòt magazen Digicel pou w' achte yon kat rechaj pou w' kapab mete minit sou kont ou oswa sou kont yon pwòch ou.
- Pou w' rechaje telefòn ou, fè *121*kòd sekrè kat la#send.
- Pou w' rechaje yon lòt telefòn, fè :
- *125*509 nimewo a #send.
- *125*kòd sekrè kat la #send.