Son Pa'w la se yon sèvis son pèsonalize Digicel ofri kliyan li yo. Li kapab ranplase son tradisyonèl moun plis tande lè y'ap fè yon apèl , pa yon melodi oswa yon mesaj ke li ka chwazi nan seleksyon ki disponid yo.
Lè ou resevwa yon apèl, rezo a detèmine si ou gen yon son ki pwograme ke zanmi ou a pral tande, jiskaske ou reponn apèl la oswa apèl la ale nan mesajri.
Ki diferans ki genyen ant Son Pa'w ak sonri telefòn?
Yon sonri, se yon son ou tande lè telefòn ou ap sonnen. Son Pa'w la se sa moun yo tande lè yo rele ou.
Èske m'ap peye, chak fwa yon moun k'ap rele’m koute youn nan seleksyon mwen yo?
Non, ou faktire lè ou achte mizik , men se pa pou chak apèl ou resevwa.
Èske modèl telefòn nan enpòtan lè sèvis Son Pa'w la aktive?
Non, sèvis Son Pa'w la se yon fonksyon rezo a; li pa depann de modèl telefòn nan.
Kijan sèvis sa a fonksyone?
Lè ou chwazi yon Son Pa'w, li anrejistre sou sèvè Digicel la, ki pa menm ak sònri telefòn ou a ki anregistre nan memwa telefòn nan. Lè yon moun rele nimewo ou a, rezo Digicel la idantifye ou kòm yon abòne nan sèvis la, e moun k'ap rele a pral tande melodi sa a, jiskaske ou reponn oswa mesajri vokal monte.
- Ou ka chwazi yon son pou chak kalite moun ou ta renmen ki pou tande l' lè yo rele'w, ki soti nan anpil melodi atis oswa albòm, gen tout kalite estil mizik tankou mizik vakans, Dancehall, komedi elatriye...
Kijan m'ap peye pou sèvis Son pa'w la?
- Pou kliyan pòspeye, yo pral kreye yon nouvo seksyon nan fakti li ki rele : "Ring Back Ton service"; epi yo pral faktire nan kantite lajan total pou mwa a.
- Frè enskripsyon pou sèvis la se 60 goud. Men pou sèvis la renouvle chak mwa, kliyan an sèlman gen pou li peye 20 goud. Lè sèvis la renouvle, si kliyan an pa gen 20 goud ki disponib sou kont prensipal li, sistèm nan pral eseye touche pou twa semèn oswa de semèn oswa yon semèn; sa depann de kantite lajan ki disponib sou kont prensipal li. Anba kondisyon sa yo, kliyan an ap resevwa yon SMS ki pral fè l' konnen sèvis li pwolonje pou twa semèn, de semèn oswa yon semèn.
Konbyen Son mwen ka achte?
Pa gen okenn limit nan kantite son kliyan an ka achte.
Kisa k'ap pase lè li ekspire?
Kliyan an ap gen posiblite pou li renouvle l' pou yon lòt 3 mwa; l'ap sèlman gen bezwen achte son an anko padan 30 jou apre li te fin ekspire a.
Fason pou ou itilize Son Pa'w
Pou aktive sèvis Son pa'w la, yon kliyan ka itilize youn nan opsyon sa yo:
-
- Voye mo SUB nan nimewo Aktivasyon an (764) gratis epi mizik l'ap resevwa kòm son an kap valab pou 7 jou;
- Konpoze *764#send, kliyan ap peye 60 goud pou metòd aktivasyon sa a. Gen yon meni kap afiche kliyan ap peze 1 si li vle chwazi yon mizik pami tout sa ki pi popilè yo oubyen 2 si li ta vle chwazi selon yon kategori byen defini (Konpa, Nouvo Mizik, Pòp e latriye.) ki valab pou 90 jou.
- Konpoze *764 gratis, peze 1 aprè peze 1 ankò . Lè li enskri pa metòd sa a li koute l' 60 goud epi son an valab valab pou 90 jou.
- Sèvis son pa'w la renouvle otomatik chak mwa pou 20 goud. Si nan moman renouvèlman an , kliyan an pa gen tout 20 goud la sou kont li, l'ap peye 15 goud pou 3 semèn, 10 goud pou 2 semèn oswa 5 goud pou yon semèn.
- Pou dezaktive sèvis Son Pa'w la, kliyan an ka itilize youn nan metòd sa yo:
-
- Voye mo STOP gratis nan nimewo 764
- Konpoze *764# send , chwazi opsyon 3 (Jere mizik ou yo) nan meni ki parèt la, yon lòt meni ap afiche ladan li ankò l'ap chwazi 3 (Kite sèvis la) ;
- Konpoze *764 gratis, peze 3 , apre peze 2
- Rele sèvis kliyan an nan 111