Nou ofri sèvis sa sèlman nan kondisyon sa yo :
- Yon kliyan ki ta renmen jwenn detay apèl li yo pou dosye imigrasyon.
- Yon kliyan ki resevwa menas de yon apèl maske.
Ka imigrasyon
Ou dwe gen yon papye anbasad la ak detay egzak ou bezwen yo. Ou dwe ale nan Pakè Pòtoprens lan ak papye sa pou swit legal yo. Pakè a ap remèt ou yon dokiman sele ki konfime detay anbasad la bezwen yo. Ou dwe depoze dokiman Pakè a remèt ou a nan santral Digicel la ki chita nan #151, ang avni Jean-Paul II ak enpas Duverger, Pòtoprens, Ayiti. Y’ap ba w’ yon randevou yon semèn apre ou fin depoze dokiman an pou w’ kapab jwenn detay apèl ou yo ou te mande a.
Sonje: Apèl ou fè sou aplikasyon sosyal yo tankou Whatsapp, Imo, Facebook e latriye… pa ladann.
Menas
Ou gen pou w' depoze yon plent nan yon komisarya, oswa nan D.C.P.J. (Direction Centrale de la Police Judiciaire). Lapolis ap kontake Digicel pou li ka fè swivi yo.
Èske mwen ka resevwa detay apèl mwen yo pa imel?
Sèvis sa a pa disponib pou kliyan prepeye.
Konbyen kob mwen gen pou m' peye pou m' resevwa detay apèl mwen yo ?
Sèvis sa gratis.