Mon Cash | Entènèt | Magasin |
![]() |
![]() |
![]() |
Gen plizyè fason ki disponib pou w' peye fakti ou. Chwazi sa ki pi pratik pou ou a pou plis detay:
Mon Cash
Peye fakti ou ak Mon Cash !
Etap 1 Fè *202# send
Etap 2 Peze 3 pou w' chwazi opsyon "Pèman" an
Etap 3 Peze 3 pou w' chwazi opsyon "Peye Sevis Digicel"
Etap 4 Peze 1 pou w' chwazi opsyon "Digicel Pòspeye"
Etap 5 Peze 1 pou w' chwazi opsyon "Nimewo m"
Aprè sa w'ap mete kantite lajan ou deside peye a.
W'ap resevwa yon SMS ak yon imel ki ap konfime pèman an fèt.
N'ap pwofite fè ou remake ke ou ka peye pou yon lòt nimewo. Nan ka sa, w'ap antre nimewo a san kòd 509 la. Apre sa, w'ap jwenn on opsyon kote w'ap bay ki kantite lajan ke ou deside peye.
Prelèvman otomatik
Ak prelèvman otomatikman la, peye fakti Pòspeye w' vin pi fasil ! W'ap jis gen pou asire w' kont bank ou oswa kat kredi w' gen kòb fakti a sou li pou piti ant 24 ak 27 nan mwa a. Konsa, fakti w' ap peye otomatik.
Pase nan youn nan megastò nou yo, pou w' ranpli fòm kote w'ap ba nou otorizasyon pou nou fè prelèvman otomatik sou kont bank ou, oswa kat kredi w'. W'ap bezwen yon pyès idantite (kat idantite nasyonal, lisans oubyen paspò).
Apre chak prelèvman, w'ap resevwa yon imel k'ap konfime w' pèman an fèt.
Entènèt
Sou pòtay kliyan an, w'ap kapab peye fakti w'. Klike la pou plis enfòmasyon.
Kach
W'ap jis gen pou w' pase nan youn nan Fwont Ofis nou yo, epi w'ap gen pou w' bay nimewo telefòn ou ak lajan an. Menm kote operasyon an fini a, w'ap resevwa yon resi. W'ap resevwa yon imel tou k'ap konfime pèman an fèt.
Chèk
Lè w'ap peye pa chèk, asire w' ou respekte etap sa yo :
- Fè chèk la sou non "Unigestion Holdings S.A".
- Ekri non ou ak nimewo telefòn Digicel ou, oswa nimewo kont Pòspeye w' nan do chèk la.
- Si w'ap peye pou plizyè kont Pòspeye ak yon sèl chèk, presize montan ki pou chak kont.
- Pase nan youn nan Fwont Ofis nou yo pou w' ka depoze chèk ou a.