Pou w' chanje modpas ou :
1. Fè 123 pou w' gen aksè ak bwat vokal ou.
2. Mete modpas ou pou jwenn "Meni prensipal" la. Lè ou nan meni an, peze 3.
3. Y'ap mande w' pou w' antre nouvo modpas ou.
4. Peze 1 pou w' konfime modpas la.
5. Modpas la ka genyen 4 jiska 15 chif.
Si ou bliye modpas ou, konekte ak sèvis Live Chat la pou nou ka ede w' remete li jan li te ye avan an.
Pou w' mete oswa retire modpas sou bwat vokal ou :
Etap 1. Fè 123 sou telefòn selilè w'.
Etap 2 . Chwazi nimewo 4 nan meni prensipal bwat vokal la.
Etap 3 . Chwazi opsyon ou vle a : "Mete" pou w' anrejistre yon modpas oswa "Retire” pou w' efase modpas ou genyen an.
Sa a ap retire opsyon ki mande w’ mete modpas ou a lè w’ap genyen pou ou antre nan bwat vokal ou sou telefòn ou.
Pou rezon sekirite, l’ap toujou nesesè pou w' antre modpas ou lè w' nan "roaming", oswa lè w' itilize yon lòt nimewo telefòn pou w' gen aksè ak bwat vokal ou.