Sèvis Digikredi Digicel la pèmèt ou prete lajan sou kont prensipal ak pwomosyonèl ou epi prete megabayt (MB) tou. Pou prete, wap sèlman konpoze kòd *633#send oswa *967#send sou telefòn ou, sa kap pèmèt ou verifye pou ki prè ou elijib, aprè wap chwazi prè ou vle fè a epi swiv etap yo.
Egzanp: pou yon prè sou kont pwomosyonèl, men pwosesis yo:
Etap 1. Konpoze *633#send, chwazi “1”.
Etap 2. Apresa chwazi “1” epi peze “envoyer”.
Etap 3. Pou w fini peze “OK”.
Lè w fin resevwa SMS la, konpoze *120*25#send pouw verifye balans ou.