Kisa ki sms Facebook ak sms twitter a?
Twitter ak Facebook pa mesaj ba w posibilite pou w ka kominike sou Facebook ak twitter menm si ou pa gen entènèt menm si telefòn ou an pa ta entelijan (telefòn san etènèt). Pou w kapab itilize sèvis sa yo ou dwe gen yon kont Facebook ak twitter anvan.
Konpoze *595# pou enskri nan Sèvis Facebook la epi *515# pou sèvis Twitter a.
Ki plan ki disponib?
Sèvis USSD Facebook la se 7 gds / jour ak Twitter a 5gds / jour. Tout abonnman yo ap renouvle otomatikman chak jou.
Èske mwen ka itilize abònman Facebook mwen pou pa Twitè a , ni pa twitè a tou pou sa Facebook la?
Ou dwe abòne nan chak sèvis pou kont yo. Se poutèt sa, si ou vle sèvi ak tou de (2) wap enskri nan yo chak apa.
Èske mwen ka jwenn aksè nan sèvis Facebook ak twitter a si mwen pa gen yon kont?
Ou dwe gen yon kont pou jwenn aksè nan sèvis Facebook ak twitter a. Sepandan, ou ka jwenn aksè nan gade oubyen "like" twit yo ak notifikasyon yo.
Èske mwen peye lòt Kòb pou m kapab itilize sèvis yo apre m fin peye abònman an ?
Non. Depi ou fin peye abònman ou gen aksè ilimite sou Facebook ak twitter pa mesaj la.
Kisa kap pase si kòb ki sou kont mwen an pa sifi lè map enskri?
Si demann abònman an echwe akòz kòb ou pa kont , ou pral resevwa yon mesaj konseye pou w rechaje kont ou epi eseye enskri ankò.
Kouman pou mwen kite abònman Facebook ak twitter pa mesaj la?
Ou ka kite abònman nan nenpòt ki lè wap konpoze *595*22# pou Sèvis Facebook la.
Ak *515#pou dezaktive Sèvis Twitter mesaj la, wap chwazi 8 (reglaj) epi 3 (kampe souskripsyon) epi 1 (konfime dezaktivasyon an).
Èske ou ka sèvi ak lajan bonis yo pou aktive sèvis Facebook ak Twitter SMS?
Non, Ou dwe lajan abònman o minimòm sou kont prencipal ou pouw fè pwosesis aktivasyon an.