Digicel ba w' posibilite pou w' aktive yon plan entènèt kòm kado pou yon lòt moun, kòb la ap soti sou kont prensipal ou.
Etap 1. Pou w' aktive yon plan pou yon zanmi oswa yon fanmi sou telefòn ou, fè *130#send, epi voye li ale tankou yon apèl.
Etap 2. Peze chif 2 nan klavye telefòn ou an, pou w' ka chwazi dezyèm opsyon an
Etap 3. Mete nimewo moun ou ta renmen achte kado a pou li a, epi peze "SEND".
N.B. Apre w'ap resevwa yon mesaj k'ap fè'w konnen si tranzaksyon w' lan reyisi oswa si l' pa reyisi.