DigiKredi se yon sèvis prè ke digicel ofri kliyan li yo ki vle fè apèl, voye sms oswa itilize entènèt la lè yo pa genyen kredi oswa megabayt (MB) ki disponib.
Remak: Se elijibilite w' ki kalifye w' pou kantite lajan prè divès kalite. Se poutèt sa, ou ka pa kalifye pou tout kantite lajan prè ki disponib yo.
Kijan mwen kapab verifye balans DigiKredi mwen?
- Ou ka verifye montan yon prè apati kòd *120*25#send pou kredi oswa nan kòd *120 *60#send pou megabayt (MB).
- Ou kapab verifye yon prè ke ou te sou kont prensipal la sou *120 #send.
-
Pou kapab konnen kantite kòb ou gen pou ranbouse, wap konpoze *111#send chwa "2" pou balans Digikredi kont prensipal, *111#send chwa "5" pou balans Digikredi kont promosyonel ak megabayt (MB).
Toutfwa gen yon mesaj kap raplew balans ke ou rete pou w' fin peye aprè chak ranbouseman pasyèl ki fèt.
Konbyen tan prè mwen an ap fè?
- Dat ekspirasyon prè Digikredi kont prensipal la se menm avèk dat ekspirasyon denyè rechaj ou te fè a.
- Pou yon prè ke ou fè sou kon promosyonel ou oswa megabayt (MB) ou prete, dat ekspirasyon an varye ant 1 jiska 3 jou selon valè lajan ak kantite megabayt (MB) ou prete a.
Èske mwen dwe gen yon kantite lajan sou kont prensipal mwen pou’m gen aksè a DigiKredi?
Non. Ou kapab kalifye pou yon Digikredi, kèlkeswa kantite lajan ki disponib sou kont prensipal ou.
Kisa k ap pase si mwen ranbouse kòb mwen prete an anvan mwen fin itilize kòb sa?
Prè mwen resevwa nan sèvis Digikredi yo ap disponib jiskaske yo itilize oubyen dat ekspirasyon yo rive.
Si mwen gen yon plan apèl ki aktive epi mwen gen prè Digikredi ke mwen te fè kiyes kap itilize avan?
Priyorite a ap prè Digikredi a sèl si ou gen bonis dyaspora trip/doub oswa bonis rechaj kew te fè pa mon cash.
Konbyen fwa mwen kapab prete nan sèvis la?
Ou pa kapab prete plizè fwa ni sou kont prensipal, kont pwomosyonèl oubyen fè plizyè prè Plan Gwo Lo. Pou fè yon nouvo prè , ou dwe ranbouse ansyen prè a totalman. Si wap eseye fè sa, wap resevwa yon mesaj kap envite w' peye dèt ou.
Eske mwen ka aplike pou yon prè lè map itilize sèvis woming nan?
- Non. Ou pap kapab itilize sèvis Digikredi a pandan ke ou lòtbò. Sèvis sa a kapab itilize sèlman Ayiti.
- Sepandan, si ou ajoute kredi pandan ou aletranje epi ou gen yon dèt, sistèm nan kapab touche yon pati oubyen kantite lanjan ke ou te dwe a an total si rechaj la pi plis ke kantite lajan ou dwe a.
Kijan w ka mande prete?
Pou mande prete wap konpoze kod *633#send oswa *967#send epi swiv pwosesis yo;
Egzanp: pou yon prè sou kont pwomosyonèl,men pwosesis yo:
Etap 1. Konpoze *633#send, chwazi “1”.
Etap 2. Apresa chwazi “1” epi peze “envoyer”.
Etap 3. Pou w' fini peze “OK”.
Lè w' fin resevwa SMS la, konpoze *120*25#send pou w' verifye balans ou.
Eske gen restriksyon sou itilizasyon kredi mwen resevwa nan sèvis Digikredi a?
- Kont Pwomosyonèl:
- Kredi sa valab sèlman pou apèl ak sms digi-digi .
- Megabayt (MB) yo pèmèt ou itilize tout sa ki gen rapò ak entènèt eksepte pou w' fè ak resevwa apèl sou aplikasyon sosyal yo.
- Pa genyen okenn restriksyon pou itilizasyon prè ki fèt sou kont prensipal la.
Men kondisyon pou ranpli pou w ka itilize sèvis sa a :
DigiKredi sou kont pwomosyonèl
- Fòk ou sou rezo a depi 30 jou pou pi piti
- Ou pa dwe gen okenn prè (dèt) ki pa peye
- Fè pou pipiti yon rechaj pandan 30 dènye jou yo.
DigiKredi sou kont prensipal
- Fòk ou sou rezo a depi 30 jou pou pi piti
- Ou pa dwe gen okenn prè (dèt) ki pa peye
- Fè pou pi piti 2 rechaj ki ka rive plis ke 50 goud pandan 30 dènye jou sa yo.
- Rechaje pou pi piti yon fwa pandan semèn nan.
Si youn oubyen lòt nan kondisyon sa yo nou sot site la pa respekte, ou pap ka elijib pou itilize sèvis sa a.
- Kijan’m kapab remèt kòb mwen te prete a?
Ranbousman prè a ka fèt an antye oswa an pati selon kantite kòb ki ajoute sou kont lan nan pwochen rechaj ou fè an oswa Fè Yo Pale ke ou benefisye. Wap resevwa yon SMS konfimasyon pou chak ranbousman.
- Poukisa kòb mwen te gen sou kont lan anvan prè a pa kapab itilize pou’m remèt nouvo prè sa?
Se sèlman rechaje ke ou fè aprè yo (apre ou fin mande prè a) kap itilize pou ranbousman prè sa. Lajan ou deja gen sou kont prensipal ou pa ka itilize pou ranbouse prè ou fè a.
- Konbyen tan mwen genyen pou’m remèt kòb la?
Pou kelkeswa prè ki pa ranbouse nan yon delè 60 jou, nimero konsène a ap anrejistre otomatikman nan lis nwa sa ki ap lakòz ou pap ka itilize sevis Digikredi a ditou.
- Kisa ki ap pase si pwochen rechaj oswa transfè kredi Fè Yo Pale mwen an pa ase pou ranbouse prè ke mwen gen deja a?
Sistèm nan kapab pran tout montan rechaj la pou yon prè ke ou te fè sou kont pwomosyonèl ou oubyen an rapò ak Plan Gwo Lo si montan an pi piti ke rechaj la.
Toutfwa:
- Lap pran sou kont lan kantite kòb an total ke ou te prete pou kont prensipal la si rechaj lan oubyen Fè Yo Pale a egal oubyen siperyè a 110% pa rapò ak montan prè sa.
- Pou nenpòt rechaj oswa Fè Yo Pale ki gen yon kantite lajan ki pi piti pase 110% nan dèt la, sistèm nan ap pran yon pati ladanl. 80% ap sòti nan montan sa.
- Koman map peye frè anplis ki ajoute sou kòb mwen prete a?
Frè yo ap ajoute sou dèt la epi lap sòti pandan ranbouseman an nan montan rechaj oubyen Fè Yo Pale ke ou resevwa.
- Si mwen remèt yon pati nan kòb la èske’m ka prete ankò?
Ou pa kapab prete plizè fwa ni sou kont prensipal, kont pwomosyonèl oubyen fè plizyè prè Plan Gwo Lo. Pou fè yon nouvo prè , ou dwe ranbouse ansyen prè a totalman. Si wap eseye fè sa, wap resevwa yon mesaj kap envite w' peye dèt ou.
Pandan konbyen tan sèvis sa ap disponib pou kliyan yo?
Sèvis DigiKredi a se yon pwodwi ki disponib pou kliyan prepaye yo.
Digicel rezève l' dwa nenpòt ki lè, avèk oswa san avètisman, pou modifye tèm ak kondisyon sèvis Digikredi a oswa pou mete fen avèl.