Si w eseye fè apèl epi ou tande yon repondè otomatik sa vle di apel yo ap pase sou yon sikwi envalid sa vle di gen yon pwoblem sou apel la. Si kont ou konsa, sa vle di ou ka rele sèvis kliyantèl la ak nimewo ijans.
Pou w ka rezoud difikilte sa a, ou ka rele sèvis kliyantèl la ak enfomasyon sa yo:
1. Nimewo ki gen pwoblem
2. Dènye nimewo ou te rele a
3. Dat ak lè ou te fè dènye apèl la
4. Ki pyès idantite ou genyen ki valid
5. Nimewo ki sou pyès idantite w la
6. Nimewo IMEI telefòn nan
Pou w jwenn nimewo IMEI pou telefòn ou, ou ka konpoze *#06#