Nan ka megabay ou ta fini avan plan an ekspire, w'ap kapab reyaktive plan an.
Etap 1. Pou w' reyaktive yon plan nan telefòn ou, peze *130#SEND oswa fè kòd aktivasyon dirèk la.
Peze "1" pou w' chwazi preme opsyon an
Etap 2. Aprè sa chwazi yon plan, ou pral resevwa yon mesaj pou w' konfime acha plan sa a.
Etap 3. Depi w' fin konfime aktivasyon plan an, ou pral resevwa yon mesaj pou enfòme w' y'ap travay sou aktivasyon plan an.
Etap 4. Yon SMS ap konfime w' plan an aktive, e ou kapab itilize megabay ou yo.
Etap 5. Balans kont ou pral diminye. Megabay ou te genyen sou ansyen plan an pral ajoute sou plan ou fèk aktive a.