Nou kontan pale avèk ou! Ekip Live Chat nou an disponib chak jou (24/7). Se youn nan mwayen ki pi fasil pou jwenn nou. Rezon ki fè nou di sa :
- Pratik - repons sou pwent dwèt!
- Ajan yo gen bonjan e yo prè pou reponn kesyon ou yo.
- Fasil pou konekte swa sou sit Web la, Sant Èd nou an oubyen MyDigicel.
Tanpri chwazi metòd ou prefere a pou ou pale dirèkteman avèk yon ajan sèvis kliyan an:
1. Sant pou jwen èd (Konesans de baz)
3. MyDigicel app (Navigasyon wèb)
Sant pou jwen èd (Konesans de baz)
Etap 1. Sou paj « Connaissances de Base » la, chwazi ikon kap flote "chat en direct" ki nan kwen ekran an.
Etap 2. Ou pral nan yon paj pou w' ranpli fòm tchat la. Ranpli fòm sa a pou w' kòmanse pale ak yon reprezantan sèvis kliyan.
MyDigicel app
Etap 1. Klike sou 'Konekte' pou w' ka konekte otomatikman.
Etap 2. Yon fwa ou konekte nan aplikasyon an, chwazi bouton "Sipò" a.
Etap 3. Ranpli fòm sa a pou w' kòmanse pale ak yon reprezantan sèvis kliyan an.
MyDigicel app (Navigasyon wèb)
Etap 1. Sou vèsyon wèb MyDigicel app la, chwazi peyi w', antre nimewo telefòn ou epi klike sou "Continue".
Etap 2. W'ap resevwa yon kòd 4 chif sou aparèy mobil ou a, ou dwe antre l' nan espas ki rele 'Code’ la. Epi chwazi "Continue" pou w' konekte.
Etap 3. Ou pral nan yon paj pou w' ranpli fòm chat la. Ranpli fòm sa pou kòmanse pale ak yon reprezantan sèvis kliyan an.
Remak: Imaj sa yo se dènye vèsyon aplikasyon an. Yo la pou gide w'_ senbòl/lajan yo ka diferan selon kote w' ye.
Asire w' ke ou telechaje dènye vèsyon an jodi a menm !
![]() |
![]() |