Yon kat SIM oswa yon SIM tankou anpil moun rele li, gen yon nimewo idantifikasyon inik pou mèt SIM nan kote enfomasyòn pèsonèl li tankou mesaj tèks ak kontak li yo estoke. Si yo retire nimewo sa sou li SIM nan pap ka itilize.
Mwen pa kapab itilize SIM mwen an
Ou ka pa ka gen aksè ak SIM ou an pou anpil rezon :
- • Aparèy ou a ka bloke sou rezo a. Si telefòn ou an te achte kay yon lòt operatè, ou ka ale kay operatè sa pou l' debloke l'.
• SIM nan ka pa aktif oswa li ka ekspire. Konpoze *124#send pou w' verifye dat ekspirasyon an, konbyen jou ou genyen sou SIM nan. - Si SIM ou an bloke, itilize kòd PIN oubyen PUK a, pou w' debloke l'. Kòd PIN ak PUK a nan do plakèt SIM yo te ba ou lè w' tap achte SIM nan.
• SIM nan ka mal ranje nan aparèy ou a. Ou ka gade nan ti liv ki vini ak telefòn ou an ki gen enfòmasyon sou kijan w' ka mete SIM lan nan aparèy ou a, oubyen klike la.
Pou sekirite SIM nan
Kat SIM nou yo genyen 2 pwen fò pou sekirize yo, pou anpeche aksè ki pa otorize sou aparèy ou a ak enfòmasyon pèsonèl ou yo ki anrejistre sou li tankou mesaj tèks (SMS) ak kontak ou yo.
Tout kat SIM yo pwoteje ak yon kòd PIN. PIN nan (Personal Identification Number) ki se yon nimewo idantifikasyon pèsonèl, ou resevwa li lè ou achte kat SIM nan. Kòd PIN nan gen 4 chif. Si ou bliye PIN ou oswa ou antre PIN nan 3 fwa ak erè, dezyèm mezi sekirite a ki se kòd PUK a ap aktive otomatik. W'ap jwenn kòd PIN nan ak kòd PUK a sou plakèt SIM ou te achte a. PUK 1 an ak PUK 2 a ede w' sekirize PIN SIM nan. Ou ka sèvi ak PUK 1 an pou w' debloke SIM ou an.
Kalite SIM ki genyen yo
Telefòn yo varye nan fòm ak gwosè; kidonk, yo ka pran plizyè kalite SIM. Pou w' ka konnen ki kalite SIM telefòn ou an ka pran, ou ka ale sou sit sa a www.GSMarena.com oubyen ou ka ale sou paj konpayi ki fè telefòn ou an. Ou ka jwenn pi ba a yon egzanp enfòmasyon sou http://www.GSMarena.com ki fè referans ak kalite SIM yo ak aparèy ki genyen 1 oubyen 2 SIM.
Remak : Aksè sou www.GSMarena.com nan pa gratis.