Nou prepare pou ou kèk konsèy k'ap itil ou pou w' amelyore eksperyans ou ak sèvis woming nan.
- Aktive youn nan plan "roaming" yo. Pou plis enfòmasyon, klike la.
- Evite resevwa apèl ki pa itil pandan w' an woming. Fè moun k'ap rele w' yo konnen ou lòtbò.
- Evite depans initil sou kont ou lè w' etenn koneksyon entènèt sou telefòn nan. Si koneksyon entènèt ou rete aktive pandan w' gen yon koneksyon Wifi, telefòn ou an ka itilize done mobil yo si siyal wifi a fèb. Lè sa rive, se frè sou entènèt an woming yo kab aplike.
- Itilize rezo ou vle a. Lè w' an "roaming" Ozetazini chwazi T-Mobile. Pou Kanada se Rogers, Bell ak Telus.
Pa bliye itilize nimewo yo selon fòma yo itilize pou peyi oubyen vil ou ye a. Pou pi fasil, anregistre nimewo yo nan fòma entènsyonal. Pa egzanp, pou Etazini, anrejistre kontak yo konsa : +147956323333 - Pa bliye voyaje ak telefòn ou, chajè w' ak adaptè voyaj ou.
- N'ap konseye w' mete telefòn Digicel ou a nan valiz ou pote nan men w' nan avyon an, epi toujou etenn telefòn nan anvan w' monte nan avyon an.
- Si w' pèdi telefòn Digicel ou oubyen kat SIM nan an "roaming", antre an kontak ak nou san pèdi tan.
- Anvan w' voyaje, asire w' ou dezaktive transfè apèl ak tout lòt transfè nan mesajri vokal ou. Pou sa fè #002# send.