Nou prepare pou ou kèk konsey k'ap itil ou pou w amelyore eksperyans ou ak sèvis Itinerans la.
- Aktive youn nan plan roaming yo. Pou plis enfòmasyon, klike la.
- Pa resevwa apèl ki pa itil pandan w ann Itinerans la. Fè moun k'ap rele w yo konnen w lòtbò.
- Evite depans initil sou kont ou pandan w ap etenn koneksyon entènèt sou telefon nan. Si koneksyon done yo rete aktive pandan w gen yon koneksyon Wifi, telefon ou an ka itilize megabay yo si siyal wifi ou an fèb. Lè sa rive, frè sou done ann Itinerans yo k'ap aplike.
- Itilize rezo roaming ou vle a. Lè w an roaming Ozetazini chwazi AT&T oubyen T-Mobile. Pou Kanada se Rogers, Bell et Telus.
Pa bliye mete nimewo yo an fonksyon de modèl nimewo peyi oubyen vil ou ye a. Pou pi fasil, ranje nimewo yo nan fòma entènsyonal. Pa egzanp, pou Etazini, anrejistre kontak yo konsa +147956323333 - Pa bliye mete ansanm ak telefon ou, chajé w ak adapté vwayaj ou.
- N'ap konseye mete telefon Digicel ou a nan valiz ou pote nan men w nan avyon an epi toujou etenn telefon nan anvan w monte nan avyon an.
- Siw pèdi telefon Digicel ou oubyen kat sim nan an roaming, antre an kontak ak nou san pèdi tan.
- Anvan w ale ann Itinerans la, asire w ou dezaktive transfè apèl ak tout lòt transfè nan mesajri vokal ou. Fè #002#.