Nan sitiyasyon kote ou pa jwenn rechaj ou fè a , fè verifikasyon sa yo:
1. Ka gen yon reta ak SMS ki pou fè w' konnen ou resevwa rechaj la. Olye w' tann SMS la rive, tcheke balans ou a ak etap sa yo.
2. Asire w' done mobil ou yo (entènet ou) fèmen. Aplikasyon yo ka sèvi ak lajan ki sou kont ou pou kòmanse fè mizajou. Gade kijan ou kapab gere mizajou aplikasyon yo.
3. Ou ka fasil jwenn detay konplè sou tout tranzaksyon ou yo sou aplikasyon MyDigicel la pou w' ka wè egzakteman kouman lajan sou kont ou a te itilize. Men kijan ou kapab verifye detay sou tranzaksyon w' yo.
4. Eske ou te itilize sèvis Digikredi a nan jou pase yo? Si wi, gendwa se remèt ou remèt yon avans kredi sou kont ou. Klike la pou w' chèche konnen kijan pou w' remèt prè ou te fè a.
5. Asire w' ke ou te itilize nimewo ki kòrèk la pou rechaj la. Ou ka verifye nimewo telefòn ki sou bwat w'ap itilize a ak kòd sa *105#send lan oswa lè ou ale nan 'Menu' () aplikasyon MyDigicel la.