Digicel ba w' plis kontwòl sou kont ou, avèk posibilite pou w' verifye chak tranzaksyon ou fè, sou aplikasyon MyDigicel la. Men kijan pou w' fè sa:
Etap 1. Klike sou “Konekte”.
Etap 2. Nimewo telefòn ou a ap afiche nan espas ki fèt pou sa a, klike sou “Continuer.”
Etap 3. Chwazi “Bills & Activity,”.
Etap 4. Chwazi "Purchase History" pou w' wè tout ansyen pèyman ak tranzaksyon w' yo.
Etap 5. Chwazi "Top Up History" pou w' afiche tout kredi ou konn mete sou kont ou.
Songe : Imaj sa yo se dènye vèsyon aplikasyon an. Asire w' ke ou mete dènye vèsyon an sou telefòn ou a jodia.
![]() |
![]() |