Si w’ pèdi aparèy ou oswa ou pa wè kote ou mete l’ oubyen yo vòlè l’, swiv etap senp sa yo pou w’ jwenn li. N'ap envite w’ chwazi aparèy w'ap itilize a:
Android | Apple |
![]() |
![]() |
Aplikasyon “Android Device Manager” a ede w’ jwenn ki kote aparèy ou ye epi li pèmèt ou kenbe enfòmasyon ou yo an sekirite. Aplikayon sa pèmèt ou efase enfòmasyon, foto, dokiman ak anpil lòt done ankò. Depi kounya ou genyen aksè ak aplikasyon sa sou pwent dwèt ou.
Telechaje l’ gratis la:
Karakteristik aplikasyon an :
• Jwenn tout aparèy android ki asosye ak kont Google ou
• Reyinisyalize kòd PIN ki sèvi pou lòk aparèy ou a
• Efase tout done sou telefòn nan a distans
• Sonnen telefòn ou an, menm si li te sou silans.
Kisa ou bezwen pou w' sèvi ak li :
- Yon kont Google Play gratis. Vizite sit entènèt sa a pou ou kreye youn jodi a - Kreye kont Google Play ou
- Yon aparèy konpatib. Ale sou paj telechajman Google Play la pou w’ verifye si teknoloji ki sou telefòn ou a pèmèt ou itilize aplikasyon an. “Android Device Manager” a konpatib ak Android soti nan 2.3 rive pi wo.
Kòman pou m’ konfigire aplikasyon "Android Device Manager" a?
Etap 1. Asire w' apliksasyon an aktive.
1. Louvri aplikasyon an nan paramèt aparèy ou an .
2. Anba "Personnel", klike sou Google.
3. Anba "Services", klike sou Sécurité.
4. Anba "Android Device Manager", klike sou "Localiser à distance cet appareil" epi "autoriser le verrouillage à distance et effacer" pou w’ aktive yo oswa dezaktive fonksyon sa yo.
Si w’ gen yon tablèt ki bay plis pase yon sèl moun aksè, se sèl mèt tablèt la ki kapab kontrole paramèt sa.
Etap 2. Asire w' "localisation" an aktive sou telefòn ou.
Pou w' itilize "Android Device Manager", ou dwe aktive aksè ak sit la.
Si w' te dezaktive "localisation" an, men kijan pou ou reyaktive l':
1. Louvri aplikasyon an nan paramèt aparèy ou a .
2. Anba "Personnel", klike sou "localisation".
3. Anwo ekran w’ lan chwazi “Marche/Arrêt”.
Sou pi fò aparèy android yo, ou kapab sèlman ale sou rakousi ki anwo ekran telefòn nan epi chwazi imaj lokalizasyon an pou w’ aktive l’ oswa dezaktive l’.
Etap 3: Verifye si aplikasyon Android Device Manager a kapab idantifye aparèy ou a.
Lè w’ fin aktive aplikasyon Android Device Manager a, verifye si li mache byen.
- Ale sou sit android.com/devicemanager.
- Konekte w’ sou kont Google ou.
- Verifye si aparèy ou a afiche.
Ou pa wè aparèy ou a? Asire w' ou konekte sou kont Google ou, paramèt lokalizasyon ou aktive, epi ou te aktive aplikasyon "Android Device Manager" a nan paramèt Google yo.
Afiche aparèy yo sou Google Play
Si ou kache yon aparèy sou Google play, li pap parèt sou "Android Device Manager". Men kijan pou w' afiche aparèy yo:
- Ouvè play.google.com/settings.
- Nan kolòn "Visibilité" a, Chwazi yon aparèy.
Nòt: Sit sa yo kapab ba ou anpil enfòmasyon itil sou difikilte ou ka rankontre ak telefòn ou. Nap fè w’ konnen yo pa sit Digicel, kidonk ou ka gen pou ou peye frè entènèt.
“Find my iPhone” kapab ede w’ jwenn, lòk ak efase done ki sou aparèy ou ki pèdi oubyen yo vòlè avèk identifyan Apple ou epi sèvis icloud yo. Aplikasyon sa fèt pou iphone ak ipad.
Kisa aplikasyon sa pèmèt ou fè:
● Jwenn tout aparèy "Apple" ki asosye ak "ID Apple" ou a
●Reyinisyalize aparèy ou a
● Efase tout done sou telefòn nan a distans
Vizite sit asistans ofisyèl Apple la ki bay enfòmasyon sou kòman ou kapab konekte sou iCloud.com pou w’ jwenn aparèy ou pèdi a, jwenn enfòmasyon sou chak etap ou dwe swiv pou ou kapab telechaje aplikasyon an, epi pou w’ jwenn plis detay sou kijan pou w' lòk aparèy ou a distans la - Jwen Iphone mwen
Nòt: Sit sa yo kapab ba ou anpil enfòmasyon itil sou difikilte ou ka rankontre ak telefòn ou. Nap fè w’ konnen yo pa sit Digicel, kidonk ou ka gen pou ou peye frè entènèt.
Ou kapab telechaje aplikasyon an gratis la: