1. Kijan’m kapab remèt kòb mwen te prete a?
Ranbousman prè a ka fèt an antye oswa an pati selon kantite kòb ki ajoute sou kont lan nan pwochen rechaj ou fè oswa Fè Yo Pale ke ou benefisye. Wap resevwa yon SMS konfimasyon pou chak ranbousman.
2. Poukisa kòb mwen te gen sou kont lan anvan prè a pa kapab itilize pou’m remèt nouvo prè sa?
Se sèlman rechaje ke ou fè aprè ou fin fè demand prè a kap itilize pou ranbousman prè sa. Lajan ou deja gen sou kont prensipal ou pa ka itilize pou ranbouse prè ou fè a.
3. Konbyen tan mwen genyen pou’m remèt kòb la?
Pou kelkeswa prè ki pa ranbouse nan yon delè 60 jou, nimewo konsène a ap anrejistre otomatikman nan lis nwa sa ki ap lakòz ou pap ka itilize sevis Digikredi a ditou.
4. Konbyen tan prè mwen an ap dire?
- Dat ekspirasyon prè Digikredi kont prensipal la se menm avèk dat ekspirasyon denyè rechaj ou te fè a.
- Pou yon prè ke ou fè sou kon promosyonel ou oswa megabayt (MB) ou prete, dat ekspirasyon an varye ant 1 jiska 3 jou selon valè lajan ak kantite megabayt (MB) ou prete a.
5. Kisa ki ap pase si pwochen rechaj oswa transfè kredi Fè Yo Pale mwen an pa ase pou ranbouse prè ke mwen gen deja a?
Sistèm lan kapab pran tout montan rechaj la pou yon prè ke ou te fè sou kont pwomosyonèl ou oubyen an rapò ak prè Plan Gwo Lo ou te fè si montan an pi piti ke rechaj la.
Toutfwa:
- Lap pran sou kont lan kantite kòb an total ke ou te prete pou kont prensipal la si rechaj la oubyen Fè Yo Pale a egal oswa siperyè a 110% montan prè sa.
- Pou nenpòt rechaj oswa Fè Yo Pale ke kantite lajan an pi piti pase 110% nan dèt la, sistèm lan ap pran 80% ladan l'.
6. Koman map peye frè anplis ki ajoute sou kòb mwen prete a?
Frè yo ap ajoute sou dèt la epi lap sòti pandan ranbouseman an nan montan rechaj oubyen Fè Yo Pale ke ou resevwa.
7. Si mwen remèt yon pati nan kòb la èske’m ka prete ankò?
Ou pa kapab prete plizè fwa ni sou kont prensipal, kont pwomosyonèl oubyen fè plizyè prè Plan Gwo Lo. Pou fè yon nouvo prè , ou dwe ranbouse ansyen prè a totalman. Si wap eseye fè sa, wap resevwa yon mesaj kap envite w' peye dèt ou.