Kòman pou mwen verifye dat ekspirasyon plan entènèt mwen an?
- Pou w' verifye plan entènèt ou, konpoze *120*22#send
- Ou ka itilize aplikasyon MyDigicel la tou, lè w' klike la.
Kòman pou mwen aktive plan entènèt 4G/LTE mwen ?
Depi w' te aktive yon plan entènèt otomatik, lap renouvle pou kont li depi w' gen ase lajan sou kont ou pou peye plan an.
Kòman pou m' dezaktive plan entènèt mwen an?
- Depi w' fin aktive yon plan, ou pa ka anile l'.
- Toutfwa, si ou vle dezaktive renouvèlman otomatik plan w' lan, gade pi ba a pou ou jwenn kòd desaktivasyon pou chak plan.
Men kèk kòd pou w' dezaktive plan otomatik
DNET 1Jou 9 Goud------------ *134*9* 8502# SEND
DNET 1J 18 G------------------*134*9*182# SEND
DNET 3J 45 G-------------------* 134* 9*3002# SEND
DNET 3J 75 G-------------------* 134* 9* 5002# SEND
DNET 7J 250 G------------------* 134*9* 2502 # SEND
DNET 7J 350 G------------------* 134* 9*3302# SEND
DNET 30J 1000 G---------------* 134* 9*702# SEND
DNET 30J 2000G----------------*134* 9*152# SEND
Èske mwen ka konsève rès megabay mwen yo avan plan mwen an ekspire ?
Wi. Rès megabay ou yo ka konsève. Pou sa fèt, w'ap bezwen renouvle plan entènèt ou a oswa aktive yon lòt plan.