Sèvis Lòtbò Ak Lakay Menm Pri A bay posibilite ak tout kliyan Digicel yo pou yo ka itilze menm telefòn Digicel yo a nan peyi Kanada, Ozetazini ak lòt peyi kote Digicel ye nan Karayib la; esepte Lagiyàn. Kote pri apèl yo, mesaj yo pap menm pri tankou yo te Ayiti.
E pou yo ka jwenn avantaj sa yo, yo sipoze aktive yon plan, youn sèt (7) jou oswa youn trant (30) jou.
Operatè ki disponib pou sèvis sa a se :
- T-Mobile si w Etazini
- Rogers, Telus et Bell si w Kananada
- Peyi Kote Digicel ye nan Karayib yo Lagiyàn pa ladan l.
Kòman li fonksyone?
1-Genyen de (2) plan ki disponib , youn sèt (7) jou ki koute senk san (600) goud oubyen sa trant (30) jou a ki koute mil san (1 400) goud; epi menm kantite kòb li te konn peye Ayiti pandan li pa la.
- T-Mobile si'w Etazini
- Rogers, Telus et Bell si'w Kananada
- Peyi kote Digicel ye nan Karayib yo Lagiyàn pa ladan l'
2- Fè *186# voye li ale tankou yon apèl, pou'w ka aktive plan 7 jou a oubyen sa 30 jou a.
3- Lè'w fini aktive plan ou vle a, asire'w gen kantite kòb sou telefòn ou pou'w ka fè apèl , voye mesaj epi itilize entènèt.
4- Ou pa ka itilize plis ke twa san (300) minit pou plan trant (30) jou a, plis ke san (100) minit pou sa sèt (7) jou a; sinon w'ap peye tankou ou pat nan plan an ankò.
Lis peyi Digicel nan Karayib la kote "Lòtbò Ak Lakay Menm Pri” ka itilize :