Si telefòn ou bloque, li ka mande w' antre PUK a pou ou kapab debloke l'.
Tout kat SIM yo pwoteje ak yon kòd PIN. PIN nan (Personal Identification Number) ki se yon nimewo idantifikasyon pèsonèl, ou resevwa li lè ou achte kat SIM nan. Kòd PIN nan gen 4 chif. Si ou bliye PIN ou oswa ou antre PIN nan 3 fwa ak erè, dezyèm mezi sekirite a ki se kòd PUK a ap aktive otomatik. W'ap jwenn kòd PIN nan ak kòd PUK a sou plakèt SIM ou te achte a. PUK 1 an ak PUK 2 a ede w' sekirize PIN SIM nan. Ou ka sèvi ak PUK 1 an pou w' debloke SIM ou an.
Ki kote w'ap jwenn kòd PIN ak kòd PUK SIM ou an ?
Gade nan do plakèt SIM nan.
Li trè enpòtan pou w' sere plakèt SIM ou an yon kote ki pa sou je.
Remak: Si w' pa genyen plakèt SIM nan ankò, klike la epi desann nan opsyon "Live chat" la pou w' pale an dirèk ak yon ajan.