Fèmen epi relimen aparèy ou a se youn nan mwayen ki pi senp e ke w’ kapab fè konfyans pou ou retounen konekte sou rezo a ak asire w’ sèvis ou yo: entènèt, SMS, apèl; ak telefòn ou fonksyone byen. Gen kèk aparèy ki pèmèt ou retire batri a ( n’ap konseye w’ etenn aparèy la avan ou retire batri a).
Men difikilte kliyan ki anrejistre sou rezo a kapab jwenn pi souvan :
• Kat SIM nan pa byen mete nan aparèy la.
• Kat SIM nan gen yon domaj.
• Kat SIM nan inaktif (dat ekspirasyon dènye rechaj ki te fèt la depase), oswa ekspire.
Men kèk etap pou w' asire w' ou byen ranje SIM lan nan aparèy la :
Etap 1. Tou depan de aparèy la, konfime kalite SIM li pran.
Genyen twa kalite SIM ou jwenn pi souvan : Nòmal (standa), Mikwo ak Nano.
Étap 2. Verifye kote plato SIM nan mache ak makè SIM nan jan yo montre w’ li anba a
Etap 3. Asire w' kat SIM nan pa gen pyès domaj.
Si pati ki dore nan kat SIM nan grave, oswa si SIM nan pliye oubyen kase, sa ka anpeche telefòn nan li SIM nan ; sa k’ap lakoz li pap kapab konekte sou rezo a.
Men kèk egzanp mesaj erè ou ka jwenn ak yon SIM ki kòmanse fini oswa ki gen yon domaj :
Nan ka yon SIM ki gen yon domaj, li nesesè pou w' fè yon ranplasman SIM .
Sa ap ba w’ garanti ke w’ap kapab toujou gen menm nimewo a pandan y’ap transfere l’ sou yon lòt kat SIM nèf. Vizite magazen nou yo pou w’ kapab fè sa.
Etap 4. Konfime si SIM nan ekspire oswa inaktif.
Ou ka konfime estati SIM nan lè w' fè *124#send :
Ou ka itilize aplikasyon MyDigicel la sou telefòn ou, oswa ale sou "Portal Self Care" la sou sit entènèt nou an pou w' wè estati SIM ou nan. Aprè ou fin antre nan aplikasyon an, chwazi "Balans".
W’ap ka wè nimewo telefòn ou a ak tout dat SIM ou an ap ekspire. lè w' mete rechaj sou kont prensipal ou sa a avanse tan ou genyen pou w’ sèvi ak SIM nan e sa kenben nimewo w’ la actif sou sistèm nan.
Telechaje aplikasyon MyDigicel la jodia, pou w' kapab verifye estati SIM ou an pi fasil.
![]() |
![]() |