Si ou pa kapab voye yon mesaj tèks (SMS), eseye youn nan solisyon sa yo pou difikite mesaj tèks ou jwenn pi souvan yo. Klike sou yon difikilte pou w' ka jwenn plis detay :
- Èske gen ase kredi?
- Èske kalite mesaj la kòrèkt?
- Èske telefòn lan gen nimewo sant ki kòrèk la sant oswa nimewo sant sèvis?
- Èske mwen te antre nan nimewo ki kòrèk la?
- Èske telefòn lan gen ase espas nan Inbox la pou resevwa yon mesaj tèks?
-
Èske gen ase kòb ?
Yon mesaj tèks kenbe 160 karaktè. Si mesaj tèks la depase 160 karaktè, li pral vin yon dezyèm paj sou telefòn ou, oswa yon dezyèm mesaj tèks. Poutèt sa, asire w' ou gen ase kòb sou telefòn ou, paske y'ap chaje w' pou chak paj oswa chak mesaj.
-
Èske kalite mesaj la kòrèk ?
Telefòn intelijan yo pèmèt nou voye SMS (mesaj tèks) oswa MMS (mesaj foto). Si ou pa ka voye mesaj tèks ou a, vizite paramèt SMS ou yo epi asire w' mesaj sòtan w' yo sou SMS oswa tèks. Paramèt chak modèl telefòn pa menm, pou w' ka gen plis enfòmasyon sou telefòn ou, itilize gid telefòn .
Si ou vle voye yon mesaj foto, telefòn ou dwe konfigire pou sèvis sa a. Moun w'ap voye MMS la ta dwe genyen sèvis MMS la enstale sou telefòn li a tou.
Aprann kijan yo enstale MMS, pou diferan kalite telefòn yo :
-
Èske nimewo sant mesaj, oubyen sant sèvis telefòn nan kòrèk ?
Telefòn ki achte nan lòt konpayi ki pa Digicel, ak sa ki achte lòt bò dlo, konfigire yon fason pou w' ka itilize yo sou rezo pa yo. Se pou rezon sa a gen kèk fonksyon nan telefòn nan ki konn pa ka itilize sou rezo Digicel la. Nimewo sant mesaj oubyen sant sèvis ki fè ou pa ka voye oubyen resevwa mesaj ekri, se youn ladan yo . Ale nan opsyon SMS oubyen mesaj tèks, verifye si sant mesaj ou oubyen sant sèvis mesaj ou gen nimewo sa a :+18763808853.
4. Èske nimewo m' mete a bon?
Depi w'ap voye yon mesaj lòt bò dlo, asire w' ou byen mete areya kòd peyi a. Gen kèk peyi se siy (+) pou w' mete devan nimewo a . Egzanp +12124567891. Gen lòt se 011 pou w' mete avan areya kòd la pou mesaj la ka ale; egzanp 011-44-1534-282-300 (UK). Menm kòd ou itilize pou w' rele nimewo a, se li menm tou pou w' itilize lè w'ap voye mesaj.
- Èske bwat resepsyon mesaj telefòn ou pa plen ?
Si ou wè ou pa ka resevwa mesaj , verifye si bwat mesaj telefòn ou pa twò plen. Efase mesaj ou pa bezwen yo. Ou kapab tou efase mesaj ou voye yo, oubyen efase tout mesaj ki nan bwat anvwaye a.