Ou pa ka sèvi ak entènèt sou telefòn ou ? Men kèk etap ou kapab fè pou w ka itilize entènèt sou telefòn ou.
Etap 1. Konfime ke ou toujou gen megabay ki disponib sou kont ou ak aplikasyon My Digicel la oswa konpoze * 120* 22 # voye li ale tankou yon apèl.
Etap 2. Si w pa genyen megabay sou kont ou , eseye aktive yon plan, ou kapab konpoze yon kòd kout sou telefòn ou, oubyen ou ka itilize aplikasyon ''My Digicel" , oswa konpoze * 134 #.
Èske kont ou pi piti pase sa ou te espere a?
Pou ede w konprann kijan kèk aktivite ka itilize yon kantite megabay sou kont ou, klike la.
Etap 3. Si w gen megabay disponib , eseye jwenn aksè sou yon paj entènèt '' Google'' oswa yon lòt aplikasyon. Sa a ap ede konfime èske se yon aplikasyon kap ba w difikilte oubyen se entènèt la an jeneral.
Étap 4. Si gen kèk sit entènèt/ aplikasyon yo travay, difikilte wap jwenn nan pou yon ti tan, oswa pwoblèm nan ka ki gen rapò ak yon aplikasyon an patikilye. Nou rekòmande fèmen telefòn nan epi eseye ankò.
Egzanp: WhatsApp ap travay, men navigatè a pa fonksyone.
Étap 5. Si tout sit entènèt oswa aplikasyon yo pa travay,verifye ''APN'' telefòn ou .
Étap 6. Verifye si koneksyon done mobil ou aktive. Ou ka konfime sa a nan paramèt telefòn nan ak sèvis done a. Ou pral wè lè sa a èske sèvis done w ouvè oubyen etenn.
Si telefòn ou gen opsyon meni an rale-desann, ou ka tou aktive done mobil ou dirètman la.
Étap 7. Si ou te fè tout sa nou sot di w yo la epi ou pa jwenn yon moun gen menm difikilte ak ou. Sa a kapab yon pwoblèm rezo. Nou asire w ke nap travay avèk anpil dilijans pou pwoblèm sa a rezoud pi vit ke posib, epi nap envite ou eseye sèvis la pita.
Si ou reyalize ke ou toujou gen pwoblèm nan, ou ka itilize opsyon an discussion direk pou nou ka ede w pi byen.