APN nan tankou yon pòt ouvri ki pèmèt entènèt la antre sou telefòn ou fasil, tankou ou t'ap itilize l' sou yon òdinatè. Si ou mete SIM Digicel ou sou telefòn ou, epi ou wè ou pa gen entènèt, verifye APN nan oswa done mobil ou.
Men kijan ou ka regle APN nan sou pifò aparèy :
Etap 1 Ale nan: Paramètres> Plus/ Plus de réseaux> Réseaux mobiles> Noms des points d'accès.
Etap 2 . Chwazi Ajouter/ créer/ Nouveau APN. Si w' pa wè youn nan opsyon sa yo, chwazi twa pwen anwo sou bò dwat ekran an.
Etap 3. Mete ''Web.digicelha.com" nan espas APN nan. Non itilizatè oswa modpas pa nesesè. Depi ou fin mete enfòmasyon an, chwazi Plus> Enregistrer.
Etap 4. Chwazi APN ki fèk mete a epi etenn telefòn nan apre relimen l'.
Chak mak telefòn gen paramèt pa yo, chwazi mak telefòn ou an, pou w' ka jwenn plis èd.
Android | Apple | Blackberry | Windows |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
Android
Etap 1. Chwazi «Applications» epi ale nan «Paramètres».
Etap 2. Chwazi «Plus/Plus de réseaux».
Etap 3. Seleksyone «Réseaux mobiles», apre chwazi «Noms des points d'accès/APN».
Etap 4. Retire sa w' te jwenn anvan an oswa klike sou «Réinitialiser».
Etap 5. Mete nan APN nan : web.digicelha.com
Etap 6. Chwazi «défaut» pou kalite APN nan. Chwazi «Plus» epi «Enregistrer».
Apple
Etap 1. Ale nan «Paramètres».
Etap 2. Ale nan «Mobile/Données cellulaires», chwazi «Options de données mobiles».
Etap 3. Chwazi «Mobile / Réseau de données cellulaires».
Etap 4. Chwazi «Réinitialiser les paramètres» l'ap tou reyinisyalize.
Etap 5. Retounen nan meni «Options de données mobiles» a. Chwazi «Mobile/Réseau de données cellulaires».
Etap 6. Nan espas APN nan, mete web.digicelha.com
Blackberry
Etap 1. Chwazi «Tous».
Etap 2. Chwazi «Options».
Etap 3. Chwazi «Périphérique» apre chwazi «Paramètres avancés du système».
Etap 4. Chwazi «TCP IP».
Etap 5. Klike sou «Paramètres APN activés».
Etap 6. Mete web.digicelha.com
Etap 7. Chwazi «Option» epi chwazi «Sauvegarder».
Windows
Etap 1. Ale sou bò gòch la.
Etap 2. Chwazi «Paramètres».
Etap 3. Chwazi «Réseau et sans fil» epi «Mobile & SIM».
Etap 4. Chwazi «Paramètres SIM».
Etap 5. Chwazi «Public» apre Chwazi «Ajouter un APN Internet».
Etap 6. Mete web.digicelha.com
Etap 7. Klike sou «Enregistrer».