Si ou vle yon moun voye minit pou ou, ou ka itilize telefòn ou pou w' fè yon demann " Fèm Pale".
Pou w' voye yon demann " Fè m Pale", ou dwe fè sou telefòn ou: *127*509 nimewo telefòn Digicel moun ou ap mande a* kantite lajan an # epi voye li ale tankou yon apèl.
Remak: ou kapab voye jiska 2 fè yo pale pa jou.
Apre sa, yon mesaj ap vin jwenn ou pou enfòme w' lajan an monte sou kont ou; si toutfwa moun nan te dakò voye lajan an pou ou.