Done se sa ou voye oswa resevwa sou telefòn ou pa mwayen entènèt. Done yo itilize lè ou pataje foto, voye imel, gade videyo, oswa koute mizik sou entènèt. Kantite done ou itilize yo mezire an megabay (MB) ak jigabay (GB). Chak kalite aktivite itilize yon kantite megabay.
Annou sipoze ou aktive yon plan ki ofri 1 GB. Kisa w'ap ka fè ak li?
Paj entènèt yo
Si ou te itilize chak grenn done ki gen nan gigabay (GB) la nan ale sou paj wèb, w'ap kapab navige. Toutfwa, yon paj entènèt ka pi lou pase yon lòt; gen kèk sit entènèt ki gen videyo ki jwe otomatik. Si ou wè paj entènèt senp afiche, sa ki gen tèks yo sitou, ou kapab afiche plis ak megabay ou yo. Si ou renmen paj entènèt ki plen ak imaj wo-rezolisyon, yo itilize plis megabay kidonk w'ap kapab ale sou yon ti kras mwens kantite. Anplis de sa, kounyea aplikasyon tankou Facebook ak Instagram pèmèt "live" ki sèvi ak plis megabay.
Mesaj WhatsApp
Mesaj WhatsApp yo sèvi ak yon kantite megabay ki trè fèb. Si w' deside sèvi ak 1GB entènèt la pou w' voye mesaj sèlman sou WhatsApp, w'ap kapab voye plis pase 1.5 milyon mesaj. Si ou voye anpil imaj oswa videyo, w'ap sèvi ak plis megabay; men w'ap kabap ekri pandan valè tan ou vle ak tout moun ou konnen. Kounyea, WhatsApp pèmèt ou fè apèl videyo ak apèl vokal ki sèvi ak plis megabay.
Telechaje foto
Ke w' renmen Instagram, Facebook, Twitter oswa ou gen blòg pa ou , ou ka telechaje plis pase 130 foto chak jou pandan yon mwa antye ak 1 GB entènèt ou a. Pi gwo foto yo ap sèvi ak yon ti kras plis megabay; men pou medya sosyal an jeneral, ou gen ase megabay pou w' pataje sa ou vle.
Imel
Nan sa ki gen awè ak imel, ou ka voye plis pase yon santèn ak 1 GB entènèt ou a. Nan imel sa yo ka gen imel travay, mesaj pou zanmi ak plis ankò. Imel ki gen imaj oswa atachman ki lou itilize plis megabay. Transfè imel ki long yo, ap fè w' itilize plis megabay.
YouTube
Yon jigabay entènèt ou a, ba ou posiblite pou w' gade videyo sou YouTube. Sa vle di ou ka gade videyo youn dèyè lòt alèz. Si w' gade tout videyo ou yo nan yon kalite trè wo, w'ap sèvi ak plis megabay; kidonk ou dwe fè atansyon lè w'ap gade anpil videyo san kanpe sou YouTube. Toutotan kalite videyo a pi wo, se toutotan w'ap sèvi ak plis megabay.
Chante
Ou pa bezwen videyo mizik? Annik telechaje chante nan plas yo. Ou bezwen menm kantite megabay pou pou ou telechaje on mizik ak lè ou chwazi tande l', kidonk ou kapab jwe mizik ou pi renmen yo.