Kat SIM Digicel ou pèmèt ou fè ak resevwa apèl. Pri ou peye a depann de plan ou chwazi a. Pou plis detay sou plan yo, divès kalite ki disponib, klike la.
Li enpòtan pou w' sonje pri apèl lokal ak entènasyonal yo ka chanje. Pou w' tcheke kijan ou te chaje pou apèl dirèk ou fè, klike la.
Gen kèk konsiderasyon ou ta dwe fè lè ou peye pou yon apèl :
Pafwa telefòn ou ka rezève lajan sou kont prensipal ou pou entènèt. Lè konsa fòk ou dezaktive koneksyon done mobil ou avan ou fè apèl la pou li kapab konekte (sonje si w' pral sèvi ak entènèt ankò apre, sèvis done mobil ou dwe aktive).
Men kijan ou ka dezaktive done mobil ou:
Etap 1. Pifò telefòn yo gen opsyon pou dezaktive done mobil yo nan ba notifikasyon anwo ekran yo. Nan egzanp nou an w'ap annik klike sou "Données mobiles" pou w' fèmen entènèt ou.
Etap 2. Ou ka ale nan paramèt telefòn nan tou pou w' dezaktive oswa aktive "Données mobiles" yo.