Kounye a, genyen plis pase 2 800 ajan otorize Mon Cash disponib an Ayiti. Gen kat (4) fason ou kapab jwenn youn :
a. Tape *212#send, chwazi zòn ou ye a, sa k'ap pèmèt ou jwenn yon ajan otorize
b. Lokalize ajan yo sou nouvo aplikasyon Mon Cash la
c. Ale sou sit entènèt nou an, pou w' ka jwenn ajan otorize ki pi pre w' la.
d. Rele Sèvis Kliyan Mon Cash la gratis nan 202, pou w' mande kote w' ka jwenn yon ajan otorize.