Nenpòt ki moun ki gen yon nimewo Digicel ka enskri nan Mon Cash, toutfwa ou dwe gen 18 lane pou pi piti. Gen de fason yo enskri nan sèvis Mon Cash la :
1) Ou ka louvri yon Ti Kont Mon Cash (limit 10,000 goud), enskri tèt ou gratis ak kòd *202#send, epi swiv enstriksyon yo.
2) Ou ka louvri on Gwo Kont Mon Cash (limit 75,000 goud), pou sa w'ap bezwen ale nan yon magazen Digicel, oswa kay on ajan otorize Mon Cash pou w' ranpli yon fòm enskripsyon pou w' tou remèt ak yon kopi pyès idantite w'.
NB: Tout tranzaksyon yo anrejistre nan mesaj tèks (SMS). Kidonk, li pa nesesè pou w' genyen entènèt.