Lè w' konpoze *202#send, w'ap jwenn meni anrejistreman an, kote ou pral bay enfòmasyon sa yo:
1) Siyati
2) Non
3) Dat ou fèt (JJ/MM/AAAA)
4) Chwazi yon kòd sekrè (Pa bay moun li)
5) Antre kòd sekrè a anko pou w' konfime
- Depi ou fin antre enfòmasyon sa yo, Ti kont Mon Cash ou a ki gen yon limit 10,000 Goud ap louvri sou telefòn ou, epi ou w'ap kapab kòmanse sèvi ak li menm kote a.
- Pou ou kapab louvri yon Gwo Kont Mon cash ak yon limit 75,000 Goud, w'ap bezwen ranpli yon fòm enskripsyon epi ou mete on kopi pyès idantite valid ou ak li; nan lide pou nou respekte lòd ak règleman labank yo. W'ap ka Enskri kay yon ajan otorize Mon Cash oswa nan yon magazen Digicel.