Lè w konpoze *202#, ou pral dirije w sou meni anrejistreman an kote ou pral bay enfòmasyon sa yo:
1) Siyati
2) Non
3) Dat ou fèt (JJMMAAAA)
4) Chwazi yon kòd sekrè (Pa bay moun li)
5) Antre kòd sekrè a anko pou konfime
Depi ou fin antre enfòmasyon sa yo, Ti kont MonCash ou a ki gen yon limit 7,500 Goud ap louvri sou telefòn ou epi ou pral kapab kòmanse sèvi avèk li otomatikman.
Pou ou kapab louvri yon Gwo Kont Mon cash ak yon limit tranzaksyon 75,000 Goud, wap bezwen ranpli yon fòm enskripsyon ak yon kopi pyès idantite valid ou nan respè lòd ak règleman bank yo. Wap ka Enskri kay yon ajan MonCash oswa nan yo magazen Digicel.