Pou w' vin yon ajan Mon Cash selon kategori ou vle a, ou dwe bay :
- YON PYÈS IDANTITE VALID MÈT BIZNIS LA AK ANPLWAYE A (CIN, Paspò oubyen Lisans)
- YON PRÈV ADRÈS MÈT BIZNIS LA AK ANPLWAYE A (dokiman sa pa dwe gen plis pase 3 mwa depi li fèt)
- FOTO KOTE W' VLE BAY SÈVIS MON CASH LA (devan ak sou kote)
- PATANT BIZNIS LA (dokiman sa pa aplikab pou ajan Bronze endividyèl)
- CIF BIZNIS LA (dokiman sa pa aplikab pou ajan Bronze endividyèl)
Men lis dokiman ou ka bay pou prèv adrès
- Resi pou sèvis (EDH, Dinepa, Entènèt, Telefòn) ki gen adrès lakay ou
- Relve kont labank
- Abònman jounal
- Kopi kontra kay ou lwe a
- Setifika rezidans ki gen adrès lakay ou
- Resi livrezon (Lapòs, elatriye)
Men kèk lòt enfòmasyon pou w' konsidere avan w' vin yon Ajan Mon Cash
Kategori ajan |
Bronze |
Silver |
Gold |
Pwofil |
Ti Biznis |
|
Gwo Biznis |
Pi piti premye depo w' pou komanse |
50,000 HTG |
100,000 HTG |
200,000 HTG |
Kont Sogebank? |
Non |
Opsyonèl |
Wi |
Kek krite pou vin ajan |
· |
· |
· |
Lè dosye Ajan w' lan fin apwouve, ou dwe al fe premye Depo w' la kay Mastè ou te chwazi a lè w' tap siyen kontra a |
A- Pou w' fè aplikasyon an, depi dokiman ki endike anwo yo pare, ou kapab itilize sit sa pou w' fè demand lan.
- Kreye yon kont sou https://htap002.digicelgroup.com/MonCashAAPP/
- Pase tès k'ap fè w' konnen si w' elijib
- Bay enfòmasyon sou biznis la
- Soumèt Dokiman yo
B- Yon Reprezantan Digicel, ki gen dokiman ki anba yo, ap kontakte ou nan yon peryòd ki pa depase 20 jou pou suivi ki nesesè yo:
- FICH TEKNIK (reprezantan Digicel la ap ranpli l' lè li vizite espas la)
- FÒM POU ANREJISTRE – AJAN (Ajan an ap ranpli l' epi siyen l' padan vizit la)
- FÒM POU ANREJISTRE – ANPLWAYE (Ajan an ap ranpli l' epi siyenl pandan vizit la)
- KONTRA (tout 3 papye original yo dwe siyen)
Nòt:
- Sit la ap ba ou posibilite pou w' suiv tout etap dosye a
- Sa ka rive gen lòt dokiman nou mande w' fè suivi ak yo nan kad dosye a