Mon Cash se yon sèvis jesyon lajan, ki pèmèt kliyan ki anrejistre yo fè tranzaksyon sou telefòn selilè yo. Digicel Ayiti ofri sèvis sa nan tèt kole ak Sogebank.
Se fason ki pi rapid e pi pratik pou w' rechaje kont ou oswa kont fanmi w' ak zanmi w', voye ak resevwa lajan, peye bòdwo, achte plan.
Se yon kont ki sere lajan w' depi ou te anrejistre nan sèvis la. Bous mobil ou a gen yon kòd sekrè pèsonèl ki pwoteje l'; kidonk, ou se sèl moun ki ka gen aksè sou kont lan pou w' fè tranzaksyon.
Kont Mon Cash la asosye ak nimewo telefòn ou (SIM nan); egzanp, si w' itilize SIM ou an sou yon lòt telefòn, kont ou a ap toujou disponib sou nouvo telefòn nan.
Si w' pèdi telefòn ou oswa SIM nan, rele sèvis kliyan Mon Cash Digicel la gratis nan 202 pou w' bloke e sekirize lajan ou genyen sou kont Mon Cash la. Kou kat SIM nan ranplase, kont la ka louvri ankò ak menm kantite lajan li te genyen sou li nan moman li te bloke a.
Remak : Pou pi bon asistans ak sèvis Mon Cash la, tanpri rele 202, apèl la gratis. Epi nimewo sa disponib soti 8 tè nan maten, rive 7 tè nan aswè oswa, klike la a.