Depi ou se yon kliyan pòspeye, sa vle di ou peye sèvis Digicel yo lè w' fin itilize yo; ou resevwa alokasyon ou yo chak premye jou nan mwa a.
Atik sa a se pou ede w' konprann pi byen fakti ou resevwa ant 5 a 7 chak mwa.
Si ou ta remake pou yon mwa ou peye plis ke sa w' te konn abitye peye, li enpòtan pou ou li esplikasyon nou pral ba ou yo la.
Premye paj pati anwo a dwat
1. Nimewo itilizatè a (BAN)
Nimewo sa a toujou komanse pa 369000 oswa 361000. Chak kont pòspeye gen yon nimewo diferan.
2. Montan depo a
Sa a se premye vèsman ou te fè lè ou t'ap siyen kontra a, li reprezante depo garanti a ; montan an diferan pou chak plan. Pa ekzanp, kilyan sa a te peye 2,500.00 goud lè li t'ap louvri kont pòspeye li a.
Daprè tèm ak kondisyon aplikab yo, konpayi a ap retounen ba ou tout lajan depo garanti a, si ou kanpe kontra a apre 12 mwa ou plis; mwatye ladann, si ou kanpe kontra sou 6 mwa won. Men si ou deside mete fen a kontra a avan 6 mwa, w'ap pèdi tout kòb depo garanti a.
3. Dat releve a
Se nan dat sa a fakti a fèt. Tankou nan imaj anlè a, fakti Mas 2017 la kòmanse pare premye Avril 2017.
4. Pou peryòd la
Pati sa a montre pou ki mwa Digicel faktire w' la. Toujou nan menm ekzanp anlè a, kliyan sa a resevwa fakti sa a, se poutèt li itilize sèvis yo ant premye pou rive jouk 31 Mas 2017.
5. Dat ou dwe a
Dat sila a se dènye jou pou ou peye fakti ou resevwa a.
Digicel ba ou 30 jou aprè yon peryòd itilizasyon pou ou peye yon fakti. Si ou depase delè sa, w'ap peye yon ti kòb anplis ki reprezante 1% nan montan fakti a, ki pral ajoute sou fakti k'ap vini aprè a.
Eksepte pou mwa Janvye, dènye jou pou peye mwa sa, se dènye jou nan mwa Fevriye a.
Premye paj dezyèm pati
1. Montan fakti avan an
Kantite lajan ki parèt nan pati sa, se sa ou te dwe sou fakti mwa avan an.
2. Kantite ou resevwa a
Lè ou peye fakti avan an, kantite lajan ou bay la parèt nan pati sa a.
Li enpòtan pou ou konnen ke depi gen yon pèman ki ranvèse, pa ekzanp yon chèk Digicel pa ka touche, n'ap retounen montan kòb sa a sou fakti a; e lè sa a, w'ap remake nan pati sa a yon chif pozitif(+), sa vle di ke w'ap gen pou w' peye lajan sa a plis lajan ou dwe sou fakti pase a.
3. Balans ranvwaye
Se valè lajan ou rete pou w' peye pou mwa avan an.
Si pèman ou fè a:
- Pi piti pase sa ou te dwe a, kantite lajan an ap vin ajoute sou sa ou gen pou w' peye pou mwa ou resevwa fakti a.
- Pi plis pase sa ou te dwe a, kantite lajan ki rete a pral redui dèt ou gen pou w' peye pou mwa ou resevwa fakti a.
- Egal ak sa ou te dwe a, nan pati sa, pap gen ni ajoute ni retire.
Sèlman : Pou pèman ou fè a ka sifi, li nesesè pou ou bay pou pi piti 80% nan kantite lajan ou dwe a.
4. Balans ak chaj ki pa varye yo
Kantite lajan ki parèt nan pati sa, koresponn ak pri ou peye chak mwa pou plan ou genyen an. kantite lajan sa depann de plan w'ap itilize a. Tout lajan konpayi a ajoute sou kont kliyan ibrid yo, sizoka yo ta mande sa a, yo adisyone yo ak montan ki te deja nan pati “Balance récurrente et charges uniques”.
5. Debi ak kredi
Pati sa a konsène sèlman kliyan ki pòspeye yo. Sila yo ki pa ka rechaje kont yo paske yo gen yon limit kredi. Kidonk, lajan yo itilize nan limit kredi sa a, sizoka alokasyon yo ta fini anvan lè, parèt nan ribrik sa a.
6. Lòt depans ak kredi
Gen de tranzaksyon ki konn fèt, tankou achte pwodwi oswa yon sèvis, kote kliyan pòspeye a pou yon rezon oubyen yon lòt pa peye nan moman li achte a, lè sa a konpayi a mete lajan an sou fakti kliyan an. Se montan sa a ki parèt nan ribrik “autres charges et credits” ou wè a.
Konsa tou, konpayi a konn adisyone montan sa a ak ti kòb ou peye anplis la, lè ou gen reta sou pèman ou yo.
7. Montan rabè a
Pou tout kliyan ki gen plan pòspeye sèlman ki te benefisye de yon rabè oswa de yon promosyon tankou CashBack, se nan pati sa a montan an parèt.
8. Sou-total
Kantite lajan ou gen pou ou peye pou mwa a, san taks pa ladann.
9. Taks
Se montan 10% taks sou chif dafè a (TCA) ou peye chak mwa, jan Leta mande a.
10. Total pou peye
Kantite lajan total ou gen pou ou peye ak tout taks.
11. Plis esplikasyon sou ti nòt anba a
Lè ou an "roaming", tout sèvis ou itilize yo (apèl, sms, entènet) ap pase sou kont prensipal ou, si ou se yon kliyan ibrid; oubyen sou limit kredi ou, si ou se yon kliyan ki pòspeye sèlman.
Sepandan an "roaming", faktirasyon an pa fèt pou kliyan pòspeye yo nan menm moman an, se sa ki fè fakti "roaming" nan ka etale sou yon peryòd 2 mwa. Sa vle di enfòmasyon sa ka pa parèt nan fakti pou mwa ou te itilize sèvis "roaming" nan.
Nan dezyèm liy nan, nou eksplike si dat pou ou peye a depase, gen yon kòb an plis ki egal ak 1% dèt ou ap kap ajoute sou fakti k'ap vini apre a.
Rezime depans anplis yo
1. Rapò souskriptè yo
Yon kont pòspeye kapab gen youn oubyen plizyè nimewo. Kidonk, rapò sa se lis nimewo aktif sou kont ou pou peryòd ou resevwa fakti a, e sou kote chak nimewo w'ap jwenn kantite lajan ou gen pou ou peye a. (taks tou ladann).
2. Depans total yo
Kantite lajan ou gen pou ou peye lè ou adisyone kòb chak nimewo itilize pou peryòd la.
Frè Administratif
1. Tarif pa mwa
Sa se pri plan w'ap itilize a (san taks pa ladann).
2. Frè Fiks
Ribrik sa montre kantite lajan yon kliyan ibrid mande ajoute sou kont prensipal li, oubyen sou kont yon lòt nimewo.
3. Frè ak kredi
Se tout tranzaksyon yon kliyan pòspeye sèlman ka fè ak limit kredi li, sizoka alokasyon li ta fini oswa tranzaksyon ki pa pase sou minit ak sms li yo.
Ribrik “Frais et crédits” a se yon rezime sèvis ou te itillize sou limit kredi a :
- Apèl: Faktirasyon pou apèl lokal ou fè ki pase sou limit kredi ou
- Apèl entènasyonal: Faktirasyon pou apèl lòtbò dlo ou fè ki pase sou limit kredi ou
- Apèl antran woming ki fèt sou lòt rezo: Faktirasyon pou apèl ou resevwa an "roaming" ki pase sou limit kredi ou.
- Apèl woming lè w' rele lòt rezo : Faktirasyon pou apèl ou fè pandan ou an "roaming" ki pase sou limit kredi ou
- Taks woming pou lè w' rele lòt rezo : 10% nan faktirasyon pou sèvis "roaming" nan ap ajoute pou taks.
- Itilizasyon entènèt : Faktirasyon pou sèvis entènèt la ki pase sou limit kredi ou.
4. Rabè
Pou tout kliyan ki gen plan pòspeye sèlman ki te benefisye de yon rabè oswa de yon promosyon tankou CashBack, se nan pati sa a montan an parèt.
5. Taks
Se montan 10% taks sou chif dafè a (TCA) ou peye chak mwa, jan Leta mande a.
6. Total depans
Kantite lajan pou w' peye o total pou yon nimewo.
Alokasyon
Valè alokayon ou resevwa yo depann de plan w'ap itilize a. Nan pati sa, w'ap ka verifye kantite ou sèvi nan chak :
- A la carte Groups: Kantite ou itilize nan kredi mansyèl la (sa konsène plan “à la carte” yo)
- Minutes locales groupes: Kantite ou itilize nan minit Digicel ak Digicel yo
- SMS Locaux groupes: Kantite ou itilize nan SMS Digicel ak Digicel yo
- Doonnées locales groupes(KB): Kantite ou itilize nan alokasyon pou entènèt la (li mezire an Kilobayt).
Relve detay apèl yo
Se yon rapò de tout apèl ou fè ak SMS ou voye ki kreye chak mwa.
1. Itilizasyon lokal
Depi ou gen yon plan pòspeye ou resevwa chak mwa minit ak sms, e si ou fini ak alokasyon sa yo anvan mwa a fini; lè ou fè apèl ak voye sms, l'ap pase swa sou :
- Limit kredi a. L'ap parèt nan fakti a anba kolòn "frais" a.
- Sou kont prensipal la pou kliyan ibrid yo, si yo ta rechaje kont prensipal yo.
2. Itilizasyon entènasyonal
Rapò sila a montre faktirasyon pou tout apèl lòtbò dlo ki afekte limit kredi a, lè minit pou apèl lòtbò dlo yo fini. Ou ka verifye minit sa yo a pati de kòd ki vin aprè yo, selon plan ou te chwazi a.
*120*5# SND Pòspeye selman
*120*16# SND Ibrid
Pou tout SMS ou voye lòtbò dlo yo, faktirasyon an fèt swa :
- sou kredi mansyèl la (*120*16# send) pou plan “à la carte yo”
- sou kont prensipal ou si ou se yon kliyan ibrid
- sou limit kredi ou si ou se yon kliyan pòspeye sèlman.
3. Itilizasyon kote ki pa gen "roaming"
Lè ou an "roaming", tout sèvis ou itilize (apèl, sms, entènèt ) pase swa sou kont prensipal ou si ou se yon kliyan ibrid; swa sou limit kredi ou, pou tout kliyan pòspeye sèlman. Li enpòtan pou ou konnen si ou itilize sèvis “Lòtbò ak lakay menm pri a” sa ap pèmèt pri sèvis yo redwi. Ou kapab itilize li pou Etazini, Kanada ak kèk teritwa nan karayib la ki gen rezo Digicel.
An"roaming", tout kliyan peye pou tout apèl ki ale nan mesajri vokal kèlkeswa plan "roaming" ki aktif sou kont ou nan moman an.
Se sèl plan "roaming" “Lòtbò ak lakay menm pri” a ki bay apèl antran gratis.
4. Detay sou itilizasyon megabay yo
Ribrik sa a montre kijan ou itilize entènèt ou resevwa chak mwa, si plan ou genyen an vini ak sèvis entènèt.
Sizoka kilobay (KB) ou yo ta fini avan fen mwa a, ou kapab aktive yon plan entènèt oswa itilize entènèt swa sou kont prensipal ou swa sou limit kredi ou.