Lè w' depase kantite Megabay (MB) ou genyen an, sa ka lakòz ou peye kòb anplis. Ou kapab mete limit byen rapid epi veye jan w’ itilize entènèt sou aparèy ou a. Nan paramèt "Utilisation des données" aparèy ou a, tout kantite entènèt ou itilize lè w' sèvi ak aplikasyon ou yo anrejistre, sa k'ap pèmèt ou swiv egzakteman kijan ou itilize megabay ou yo.
Klike sou imaj Android / Apple ki anba a pou plis detay:
Android | Apple |
![]() |
![]() |
Swiv itilizasyon Entènèt ou.
Etap 1. Lè w' nan premye ekran telefòn Andoid ou a, nan lis aplikasyon oswa panèl notifikasyon an, chwazi ikòn ki fèt tou won ak dan an, pou w' louvri meni Paramèt aparèy ou a.
Etap 2. Chwazi "Utilisation des données" pou w' ka louvri ekran itilizasyon entènèt la. Ekran an ap montre w' kantite total entènèt ki itilize a nan yon graf.
Etap 3. Chwazi "Utilisation des données mobiles" pou w' wè ki kantite total entènèt ou itilize padan yon peryòd. Sèvi ak lis ki ka glise desann nan ki nan kwen anwo adwat ekran an, pou w' ka mete peryòd ou vle verifye itilizasyon entènèt pou li a, epi peze "OK". Chanjman yo ap parèt nan tèt ekran an.
Remak : Dat ou faktire pou yo nan mwa a pa parèt otomatik sou aparèy Android ou a. Kidonk ou dwe mete dat yo ou menm.
Etap 4. Anba kantite entènèt total ou itilize a, w'ap wè yon lis aplikasyon ki parèt. Lis sa a montre kantite entènèt chak aplikasyon itilize apa.
Etap 5. Chwazi yon aplikasyon pou w' verifye kantite entènèt li itilize.
Etap 6. Ou kapab wè kantite entènèt yon aplikasyon itilize poukont li (sa vle di lè li ret aktif men ou pa sèvi ak li), epi kantite entènèt aplikasyon an itilize lè w'ap sèvi ak li.
Mete Limit Entènèt.
Etap 1. Aprè ou ale nan Paramèt, chwazi "Connexions".
Etap 2. Chwazi "Utilisation des données".
Etap 3. Chwazi "Cycle Sauveg. et Avert. Données".
Etap 4. Aktive "Définition limite des données" a pou entènèt la ka dezaktive lè limit la rive.
Etap 5. Mete limit sou entènèt ou lè w' klike sou "Limite de données". Antre kantite entènèt ou swete aparèy ou a itilize avan entènèt la dezaktive a.
Swiv itilizasyon entènèt la
Etap 1. Ale nan "Réglages".
Etap 2. Chwazi "Données cellulaires".
Etap 3. Glise lis la desann pou w' afiche kantite entènèt ou itilize pou chak aplikasyon ak ou peryòd la. Glise l' desann pi ba pou w' ka wè dat peryòd ou ladann kounya a te kòmanse.
Kontwole limit entènèt la
Etap 1. Ale nan paramèt, chwazi “Général".
Etap 2. Aktive “Restrictions".
Etap 3. Y'ap envite w' mete yon kòd sekrè.
Etap 4. Glise lis la desann jiskaske w' jwenn “Données cellulaires”
Etap 5. Chwazi “N’autoriser aucun changement” ni pou "Données Cellulaires" ni "Forfait Cellulaire".