Nou kontan ke entènèt Digicel la pèmèt ou rete konekte ak zanmi w', fanmi w' gras ak apèl vokal ak video (tankou WhatsApp/Facebook Messenger) e gen dènye enfòmasyon sou nouvèl, mizik ak fim. Konsa tou, li enpòtan pou ou konnen ke sèvis sa yo ap pase sou megabay ou yo, lè ou pa konekte sou Wi-Fi, menm si ou ta sèlman resevwa yon apèl oubyen gade yon paj « Facebook Live » yon lòt moun.
Nan tablo ki pi ba a, w'ap jwenn bon jan enfòmasyon sou kantite megabay kèk aplikasyon itilize pa minit. Konsa w'ap kapab pran pi bon desizyon nan itilizasyon plan entènèt ou yo.
*Itilizasyon YouTube la baze sou videyo rezolisyon 720P.
**Lè w'ap tande mizik, fè radyo ak gade videyo sou entènèt, itilizayon megabay ou yo pral depann de kalite sa w' chwazi tande oswa gade a. Pri ki make nan tablo a se pou debi nòmal.
Eske ou te konnen ke w' te kapab verifye itilizasyon megabay ou yo pa WhatsApp nan menm moman an ?
N'ap envite w' chwazi telefòn w'ap sèvi a pou w' kapab swiv demach yo.
Android | Apple |
![]() |
![]() |
Android
Etap 1. Ouvri WhatsApp epi seleksyone “APPELS”, chwazi apèl ou ta renmen jwenn plis detay sou li a.
Etap 2. W'ap wè kantite megabay ki itilize pou kantite tan apèl la dire a.
Apple
Etap 1. Ouvri WhatsApp epi seleksyone “APPELS” chwazi apèl ou ta renmen jwenn plis detay sou li a.
Etap 2. Peze bouton pou w' ka wè kantite megabay ki itilize pou kantite tan apèl la dire a.