Nou kontan ke entènèt Digicel la pèmèt ou rete konekte ak zanmiw ansanm ak fanmiw gras ak apèl vokal ak video (tankou WhatsApp/Facebook ak Messenger) e gen dènye enfòmasyon sou nouvèl, mizik ak fim. Konsa tou, li enpòtan pou konnen ke sèvis sa yo ap pase sou megabayt ou yo lè ou pa konekte sou Wi-Fi menm si ou ta sèlman resevwa yon apèl oubyen gade yon paj « Facebook Live » de yon lòt moun.
Nan tablo ki pi ba a, wap jwenn bon jan enfòmasyon sou kijan kek aplikasyon itilize megabayt ou yo pa minit. Konsa wap kapab pran pi bon desizyon nan itilizasyon plan entènèt ou yo.
*Itilizasyon YouTube la baze sou videyo ki gen dimansyon 720P.
**Lè wap tande mizik, fè radyo ak gade videyo sou entènèt, itilizayons megabayt ou yo pral depann de kalite sa kew chwazi tande osnon gade a. Pri ki endike nan tablo a se pou yon debi nòmal.
Eske ou te konnen kew te kapab verifye itilizasyon megabayt ou yo pa WhatsApp nan menm moman an ?
Nap envitew seleksyone telefòn ke wap sèvi a pouw kapab swiv endikasyon yo.
Android | iPhone |
![]() |
![]() |
Android
Etap 1. Ouvri WhatsApp epi seleksyone “Appels”, chwazi apèl kew ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou li an.
Etap 2. Wap wè kantite megabayt ki itilize pou kantite tan apèl la dire a.
iPhone
Etap 1. Ouvri WhatsApp epi seleksyone “Appels” answit chwazi apèl kew ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou li a.
Etap 2. Tape sou bouton pouw ka wè kantite megabayt ki pase pou apèl la.