Nan Digicel, nou vle ou jwenn pi bon avantaj ki genyen sou plan entènèt ou – n'ap prezante w' 10 bon konsèy pou w' ka toujou rete konekte ak gen kontwòl plan w'.
[1] Fè videyo ak apèl sou WhatsApp oswa Facebook lakoz ou itilize plis megabay
Si w' pa konekte sou Wi-Fi epi w'ap fè/resevwa apèl vokal oubyen videyo sou WhatsApp, Facebook oswa lòt aplikasyon tankou aplikasyon sa yo, w'ap sèvi ak plis megabay (MB) pase si ou t'ap itilize aplikasyon sa yo pou lòt sèvis yo ofri yo – ni moun ki rele a ni moun k'ap resevwa apèl la ap itilize megabay pa yo. Pou plis enfòmasyon sou jan pou w' sèvi ak megabay ou, ak kèk egzanp sou pri ak jan megabay yo itilize klike la.
[2] Fèmen aplikasyon ki pap sèvi yo
Aplikasyon mesaj, YouTube ak aplikasyon rezo sosyo yo ka itilize megabay ou yo san w' pa konnen. Klike la pou w' ka jwenn enfòmasyon sou kijan pou w' pa kite aplikasyon yo fonksyone pou kont yo. N'ap tou pwofite envite w' dezenstale aplikasyon ou pa itilize ankò yo, jès sa a ap tou ede w' jere espas sou telefòn ou ak valè tan batri w' la kapab dire w'.
[3] Sonje : Aplikasyon ki pèmèt ou gade video ak tande mizik san kanpe yo sèvi ak plis megabay pase lòt yo.
Si w' pa sou Wi-Fi epi w'ap tande mizik ak gade videyo sou YouTube, Instagram oswa Facebook, megabay ou yo ap itilize pi vit pase tout lòt aktivite ke w' te ka fè sou entènèt la. Klike la pou w' ka jwenn egzanp sou pri mizik ak videyo pa megabay.
Telechaje mizik ak videyo sou Wi-Fi epi tande yo oswa gade yo lè w’ pa aktive entènèt se youn nan mwayen pou w’ redwi kantite megabay w’ap itilize ak mòd aplikasyon sa yo.
[4] Dezaktive notifikasyon pou aplikasyon ou pap itilize yo
Telefòn ou an kapab sèvi ak megabay ou pou l’ enfòme w' lè w' gen notifikasyon ak mizajou otomatik. Ou kapab bloke kèk notifikasyon pou kèk apliksayon pou w’ ka redwi kantite megabay w’ap itilize. Ou kapab chanje opsyon sa nan seksyon "Paramètres" aprarèy ou a. Ou kapab fe sa tou sou chak aplikasyon ou vle bloke notifikasyon pou yo a apa.
[5] Sèvi ak MyDigicel epi mete yon limit pou w' kontwole itilizasyon megabay ou yo
Pi bon fason pou w' jere megabay ou yo, se lè ou mete yon limit. W'ap kapab fè sa nan "Paramètres" telefòn ou an. Klike la pou w' ka jwenn jan pou w' fè sa. Ou kapab klike la tou pou plis detay sou istorik tranzaksyon megabay ou yo ak aplikasyon MyDigicel la.
[6] Pito ou aktive yon plan entènèt pase ou sèvi avèk lajan ki sou kont prensipal ou
Lè ou sèvi ak lajan ki sou kont prensipal ou, se pa megabay (MB) ou peye entènèt la. Alòske ak yon plan entènèt, depans ou yo fiks, (sèl si ou depase kantite megabay ki vini nan plan an); konsa w'ap depanse mwens. Pou w' ka jwenn plis enfòmasyon sou tout plan entènèt nou yo ak plan la.
[7] Dezaktive opsyon ki tou aktive tankou jwe videyo otomatik sou aplikasyon ak telefòn ou
Aplikasyon tankou Facebook, WhatsApp oswa Instagram gen de opsyon ki otorize yo sèvi ak megabay yon fason otomatik pou yo ka jwe videyo. Pou w' byen jere megabay ou yo, ou ka dezaktive opsyon otomatik sa a nan "Paramètres" ak "Utilisation des données". Menm jan tou, pou kont imel ou pa sèvi ak yo souvan, n'ap envite w' dezaktive notifikasyon yo, paske telefòn ou ka itilize megabay ou yo pou w' ka toujou rete enfòmen de nouvo imel ou resevwa.
[8] Itilize Wi-Fi pou telechaje aplikasyon oswa fichye ki lou ak fè mizajou aplikasyon ou yo
Telechaje aplikasyon ak fè mizajou yo ka fè w' itilize plis megabay. Ou ka fè yon jan pou telefòn ou fè sa sou Wi-Fi. Ou prale nan « Paramètres » apre nan « Confirmer les mises à jour » epi chwazi « Mettre à jour via Wi-Fi uniquement ».
[9] Dezaktive entènèt ou lè ou pral dòmi. Sèvi ak Wi-Fi chak fwa w' kapab
Menm si ou pap sèvi ak telefòn ou, li ka toujou genyen aktivite kap fèt sou li ki gen rapò ak entènèt tankou mizajou otomatik, oswa fè w' jwenn notifikasyon. Pou w' ekonomize megabay ou yo, fèmen « Données mobiles » ou epi konekte sou Wi-Fi lè ou pral dòmi. Sonje reyaktive « Données mobiles » ou lè ou leve.
[10] Dezaktive, opsyon sèvis navigasyon ak lokalizasyon yo
Menm lè ou pap sèvi ak aplikasyon ou yo, sèvis lokalizasyon an toujou ap sèvi ak Wi-Fi ak megabay ou yon fason pou w' ka jwenn enfòmasyon rapid sou lokalizasyon yo. Pou w' evite itilize megabay ou san w' pa bezwen, fèmen sèvis lokalizasyon yo nan paramèt telefòn ou an.
Pou plis konsèy, pou w' jwenn aksè ak sèvis sant èd nou an ak pou w' toujou gen kontwòl kont ou, poukisa ou pa enstale aplikasyon MyDigicel la gratis !?
![]() |
![]() |