- Kisa ki Plan lannwit San Limit lan?
Digicel te lanse nan jou ki te mèkredi 28 fevriye 2018 a, yon nouvo plan lannwit ki rele "Aswè San Limit", ki bay aksè san limit pou entènèt ak apèl Digi-Digi, sòti 11h PM pou rive 5h59 AM; Pri a se 15 goud.
2. Kiyès ki elijib pou Plan"Aswè San Limit" la?
Tout kliyan prepeye yo elijib ( SIM Ma Life yo ladann tou)
3. Ki jan yo ka aktive Plan"Aswè San Limit" lan?
Pou w' aktive li, ale nan "Mes Plans" sou My Digicel, oswa fè youn nan kòd sa yo epi swiv enstriksyon yo:
- *132# send
- *134# send
- *134*950# send
- *500# send
- *509# send
4. Ki kondisyon pou itilize Plan"Aswè San Limit" lan ?
- Plan "Aswè san limit" lan ka aktive nan nenpòt moman nan jounen an, men li ka itilize SÈLMAN sòti 11è nan aswè rive 5h59 nan maten; pou w' fè apèl Digi-Digi epi sèvi ak entènèt san limit.
- Aprè aktivasyon, kliyan an ap resevwa yon SMS notifikasyon ki endike moman kote li ka itilize plan an. Epi tou sonje, fòk ou relimen telefòn ou pou w' ka itilize plan an.