Nenpòt kliyan ki gen yon nimewo prepeye dwe kenbe kont li aktif lè li itilize l' regilyèman, e fè tranzaksyon sou li tankou : apèl, sms, rechaj. Si sa pa fèt aprè yon kantite tan, nimewo a ap resikle. Sa ki vle di, aprè ekspirasyon tan li te jwenn nan dènye recharj la , plis 120 jou an jeneral yo konn bay yo, kliyan an ap pèdi otomatikman kont lan; nimewo sa a ap klase nan lis "Nimero ki pa Egziste".
Kliyan ki vle rejwenn yon "Nimewo ki Resikle" apre yon tan li pa itilize l', dwe fè yon demand pou rejwenn li nan sèvis Live Chat la, voye yon Tweet, yon mesaj sou Facebook , yon imel bay CustomerCare.Haiti@digicelgroup.com oubyen pase nan yon magasin Digicel ; epi bay enfòmasyon sa yo pou verifye si nimewo li mande a disponib pou li rejwenn li :
- Non konplè (non ak siyati) pwopriyetè a
- Yon foto pyès idantite Pwopriyetè a( NIF / CIN / Lisans oswa Paspò )
- Nimewo kliyan an ta renmen rekipere a
- Nimewo ICCID ki sou plakèt SIM nan ki kòmanse pa 8901 an
- Yon nimewo kontak/referans moun ki fè demand lan
- Zòn kliyan an abite a
NB: Nap kontakte kliyan an apre, pou nou ka enfòme li si li ka rejwenn nimewo a.