1. Kisa ki plan «Gwo Lo » a?
Nan jou ki te 16 me, 2017 la, Digicel te lanse yon nouvo pake plan apèl Digi-Digi ak entènèt nan yon pri redwi, ki disponib pou tout kliyan prepeye nou yo
Gen de kategori plan: yon plan regilye ak yon plan san limit, plan san limit yo bay kliyan posibilite pou fè apèl Digi-Digi san limit pandan peryòd validite plan an.
2. Pou konbyen tan plan Gwo Lo yo valab?
Gen plan ki dire: 30 jou, 7 jou, 1 jou ak 1 èdtan. Anplis, ak plan sa yo, kliyan yo pral jwenn yon bonis: doub MB yap ka itilize pandan jounen an ak yon lòt bonis (2X) ki ka itilize nan mitan lannwit nan tranch 11pm pou rive 6am.
3. Ki kantite pakè , Validite ak Pri Plan Gwo Lo Regilye ak san limit yo ye?
- Gwo Lo Regilye
- Gwo Lo San Limit
4. Kijan pou w achte Plan Gwo Lo yo?
Tout kliyan prepeye yo kapab aktive plan Gwo Lo avèk MyDigicel oubyen ak kòd *509 # SEND.
Avèk Applikasyon MyDigicel
Etap 1. Klike sou 'Connectez-vous avec votre Digicel ID’ pou ka konekte.
Etap 2. Yon fwa konekte nan aplikasyon an, chwazi bouton 'Menu' ( ). Nan lis Menu an, chwazi « Mes Plans ».
Etap 3. Chwazi bouton « Plans Disponibles » epi chwazi youn nan kategori yo "Gwo Lo Regilye" oswa "Gwo Lo san limit."
Etap 4. Nan lis Meni kategori k’ap dewoule "Gwo Lo Regilye" ak "Gwo Lo san limit" chwazi plan ou vle a:
Etap 5. Konfime aktivasyon an lè’w klike sou "Activé", rete tann mesaj konfimasyon an, epi fèmen aparey ou a epi relimen’l.
Kòd *509#
Etap 1. Konpoze kòd * 509 # SEND, nan Meni nimerote an, chwazi youn nan kategori yo ak nimewo ki apwopriye a.
Etap 2. Chwazi kategori plan ou vle aktive an.
Etap 3. Chwazi plan ou vle a pou aktive’l, rete tann mesaj konfimasyon an, apre fèmen aparey la epi relimen’l.
5. Ki jan pou verifye kont Bundles Gwo Lo yo?
Kliyan an ka fè kòd USSD * 120 * 1 # pou tcheke MB ak minit li resevwa anplis bonis MB lannwit ak validite yo.
6. Eske m ka aktive yon plan GwoLo pou yon lòt kliyan?
Se sèlman sou MyDigicel sèvis kado a disponib pou plan Gwo Lo yo. Pou itilize opsyon Plan kado a, kliyan an kapab :
Avec MyDigicel
Etap 1. Klike sou 'Connectez-vous avec votre Digicel ID’ pou ka konekte.
Etap 2. Depi’w konekte nan aplikasyon an, chwazi bouton 'Meni' ( ). Nan lis Meni a, chwazi «Services Additionnels», epi apre «Plan cadeau».
Etap 3. Mete nimewo ou vle fè kado a epi tcheke si plan an disponib.
Etap 4. Chwazi plan ou vle a, epi, klike sou «Cadeau ».
7. Eske plan sa ka renouvle otomatikman?
Sèvis renouvelman otomatik lan pa disponib sou plan gwo lo yo.