Nan jou ki te 31 Dawou 2018 la, Digicel te lanse yon nouvo sèvis ki rele "Ma Life". Sèvis sa pèmèt kliyan yo benefisye de yon pakè (MB, apèl ak sms) men tou yon pakèt lòt avantaj tankou aktivasyon yon nimewo favori
Kijan pou m ajoute nimewo prefere ilimite pou 6 goud la ?
- Premyeman nimewo prefere sa a sipoze yon nimewo Digicel.
a. Kompoze *223#snd. Meniki anba ap afiche, antre chif « 4 »
b. Gen yon dezyèm meni ki pral afiche, kliyan dwe antre chif “1”
c. Yon twazyèm meni ap afiche, kounye a kliyan ap ajoute nimewo prefere li vle a ak 509*** devan l epi nimewo a dwe yon nimewo Digicel
d. Pou fini kliyan an ap resevwa mesaj ki anba a:
« Nimewo prefere w la aktive avek sikse. Lap ekspire …»
Eske mwen ka chanje nimewo prefere mwen an ?
- Depi w fin achte nimewo prefere a pou 6 goud, ou pap ka chanje li jiskaske li ekspire.Men, lè w reyaktive yon lòt plan “EXTRA” pou 6 goud , toujou avèk *223# send ou ka chanje nimewo prefere a. Li obligatwa pou w gen yon plan de vaz aktif sou kont ou pou ka gen posibilite active nimewo prefere a. Sonjee bnou genyen 3 plan(Ma Life 9 (9HTG), Ma Life 20 (20HTG) ak Ma Life 400 (400HTG) ki ka active ak *223# send.
Eske mwen ka active plizyè nimeow prefere nan menm moman an?
- Ma life pa bay posibilite active plizyè nimewo prefere nan menm moman. Ou ka active yon sèl nimewo prefere a la fwa.