Sèvis mesaj vokal Digicel la fasil pou itilize, rapid pou w' tande epi verifikasyon mesaj yo GRATIS sou telefòn selilè Digicel ou.
Sistèm repons otomatik la ap anrejistre mesaj yo 24 èd tan sou 24, lè nimewo ou a okipe, si telefòn ou fèmen oswa lè ou pa ka reponn.
Ak nouvo sistèm mesaj vokal la, ou pral kapab jere bwat vokal ou pi fasil. Ou kapab konfigire mesajri vokal ou ak nouvo aksè amelyore yo.
Nouvo aksè yo gen ladan yo :
- Remete modpas ou jan li te ye avan.
- Pèmèt aktive oswa retire modpas.
- Reyinisyalize pwòp bwat mesaj ou a.
- Mesaj Vokal nan yon dat pwòch.
- Chwa lang prefere.