Pou w' mete oswa retire modpas sou bwat vokal ou :
Etap 1. Fè 123 sou telefòn selilè w'.
Etap 2 . Chwazi nimewo 4 nan meni prensipal bwat vokal la.
Etap 3 . Chwazi opsyon ou vle a : "Mete" pou w' aktive yon modpas oswa "Retire” pou w' dezaktive modpas ou genyen an.
Lè w' antre modpas ou plis pase senk fwa san siksè; bwat vokal ou ap bloke. Kontakte Sèvis Kliyan an sou telefòn ou, pou nou ede w' remete modpas ou jan li te ye avan an.
Pou rezon sekirite, l’ap toujou nesesè pou w' antre modpas ou lè w' nan "roaming", oswa lè w' itilize yon lòt nimewo telefòn pou w' gen aksè ak bwat vokal ou.