1. Kisa ki plan «Cool 15» la?
Depi 24 Oktob 2018, Digicel te lanse yon nouvo plan pou apèl Digi-Digi ak entènèt nan yon pri redwi. Plan sa bay 1 GB pou 15 HTG e pèmèt kliyan yo fè apèl ak voye sms san limit tout kliyan prepeye kapab aktivel (kliyan SIM « Ma Life » yo tou kapab fel).
2. Kijan pou aktive epi verifye bundles ak delè plan « Cool 15 » lan ?
Depi plan Cool 15 lan aktive, kliyan yo ap resevwa 1GB data sou (*120*49# send) et yap kapab fè apèl ak voye SMS san limit bay sèlman yon nimewo prefere, aktivasyon plan sa ap bout a minwi.
NB : * Pou aktive nimewo prefere a , kliyan dwe fè sou telefon li kod sa ki se *109# send epi swiv enstriksyon yo.
* Nimewo prefere a dwe yon nimewo Digicel e li ap bout a minwi.
* Si yon kliyan vle modifye nimewo prefere li , lap achte yon lot plan Cool 15 pou sa.
Tout kliyan prepeye yo kapab aktive yon plan Cool 15 sou MyDigicel oubyen avek kod *509# send.
Sou My Digicel
Etap 1. Klike sou 'Connectez-vous avec votre Digicel ID’ pou ka konekte.
Etap 2. Yon fwa konekte nan aplikasyon an, chwazi bouton 'Menu' ()nan bò gòch anwo. Nan lis ‘Menu’ an, chwazi « Mes Plans ».
Etap 3. Klike bouton ‘Plans Disponibles' apre sa chwazi «Cool 15: 1GB+1FAF».
Etap 4. Pou konfime plan ou chwazi a klike sou « Activé », epi tann mesaj konfimasyon an apresa relimen telefon ou.
Pou kod *509#
Etap 1. Fè *509# SEND, nan chif ki nan « Menu » an, chwazi chif ki koresponn ak plan « Cool 15 » lan.
Etap 2. Lew fin chwazi plan wap gen pou konfime aktivasyon an ak chif yo voye diw la , epi rete tann mesaj ki konfimew ke plan aktive, apresa relimen telefonn ou.