1. Kisa ki plan «Cool 18» la?
Depi 24 Oktob 2018, Digicel te lanse yon nouvo plan pou apèl Digi-Digi ak entènèt nan yon pri redwi. Plan sa bay 600 MB pou 18 HTG, e pèmèt kliyan yo rele yon nimewo Digicel san limit. Tout kliyan prepeye yo kapab aktive l' (kliyan SIM « Ma Life » ladann tou).
2. Kijan pou w' aktive epi verifye «Plan Cool 18» la? Kijan pou w' gade lè l'ap ekspire?
Depi plan Cool 18 la aktive, kliyan yo ap resevwa 600 MB entènèt sou : *120*49# send; e y'ap kapab rele san limit yon nimewo prefere, aktivasyon plan sa ap bout a minwi.
NB : Pou aktive nimewo prefere a , kliyan an dwe fè sou telefòn li kòd sa ki se : *109#send epi swiv enstriksyon yo.
* Nimewo prefere a dwe yon nimewo Digicel, l'ap bout a minwi.
* Si yon kliyan vle mete yon lòt nimewo prefere, l'ap bezwen achte yon lòt plan Cool 18.
Tout kliyan prepeye yo kapab aktive yon plan Cool 18 sou MyDigicel, oubyen ak kòd *509#send la.
Sou MyDigicel
Etap 1. Klike sou 'Connectez-vous avec votre Digicel ID’ pou w' kapab konekte.
Etap 2. Depi w' konekte nan aplikasyon an, chwazi bouton 'Meni' an () anwo agòch ekran an. Nan lis ‘Meni’ an, chwazi « Mes Plans ».
Etap 3. Klike sou bouton ‘Plans Disponibles' apre sa chwazi «Cool 18: 600 MB+1FAF».
Etap 4. Pou w' konfime plan ou chwazi a, klike sou « Activer », epi tann mesaj konfimasyon an; apre sa etenn epi relimen telefon ou.
Pou kòd *509#send
Etap 1. Fè *509#SEND, nan chif ki nan « Meni » an, chwazi chif ki mache ak plan « Cool 18 » la.
Etap 2. Lè w' fin chwazi plan an, w'ap gen pou w' konfime aktivasyon an ak chif yo di w' la , epi rete tann mesaj ki konfime w' plan an aktive; apre sa etenn epi relimen telefòn ou.